Ayiti-Kiba:patisipasyon yon delegasyon ayisyen nan-9vyèm Asanble pèp Karayib yo nan vil Santiago peyi Kiba.

Se sou tèm kilti , rezistans , souverènte ak revolisyon lansman ofisyèl 9vyèm asanble pèp karayib la demare nan vil Santiago Kiba, madi 5 jiyè 2022 a, daprè anvwaye radyo Montagna a.

Ayiti,6 jiyè 2022

Aktivite a te demare ak yon omaj anfavè fondatè lapatri yo nan simityè Santa Ifigenia kote anpil pèsonalite ki te goumen pou peyi Kiba antere tankou : José Martí, Carlos Manuel de Géspedes, Mariana Grajales ak Fidel Castro Ruz. Diferan patisipan yo te depoze yon bouke flè sou tonm Papa revolisyon kiben an , Fidel Castro Ruz epi pwofite chanje kèk mo ak plizyè kad nan gouvènman rejyonal la, Santiago, ki te resevwa delegasyon an .

Delegasyon yo, yon ti tan aprè, te pral rann yo nan salon vitral plas revolisyon Antonio Maceo Grajales, pou depoze yon bouke flè devan flanm etènèl pou senboli prezans gwo potorik gason sa a, Antonio Maceo.

 

Premye entèvansyon yo nan kad 9vyèm APK a te chita sou 3 soutèm, Karayib: kilti rebelyon, se yon Delege peyi Trinidad ak Tobago kite prezante l, Karayib espas rezistans se Ayiti kite fè prezantasyon an pou Repiblik dominiken ki pa te gen posibilite pou vini patisipe epi 3zyèm nan Karayib, motè pwosesis emansipasyon e se Kiba kite prezante l.

Atravè diferan entèvansyon yo , nou ka di ,Karayib la reprezante yon laboratwa pou sistèm kapitalis kolonyal la pou eksperimante tout pwojè lanmò yo genyen nan yon pèspektif pou fè lajan. Anpil peyi nan Karayib la sibi chòk kriz kapitalis mondyal la sitou kriz kovid la Ki gen gwo konsekans sou pèp karayib la . Yo mete aksan tou sou istwa batay pèp nan Karayib la mennen tankou revolisyon Ayiti a , Kiba a ak lit diferan lòt pèp yo ap mennen Ki fè yo vin devlope yon kilti rebèl , Ki montre kouman y ap pouse represyon sistèm kapitalis la .

 

Delegasyon Ayiti a se pi gwo delegasyon apre Kiba ak prezans 25 Delege Ki soti nan plizyè sektè nan mouvman sosyal ayisyen an .
Aktivite yo ap pran fen jedi 7 jiyè 2022 a.  Yo te demare depi lendi 4 ak  ak yon konferans vityèl ak prezansyèl sou tèm: Anti enperyalis ak anti kolonyalis “ prensipal defi pou pèp nou yo , kote te gen 135 moun ki t ap patisipe nan konferans la atravè platfòm zoom san konte plis pase 50 moun kite la an prezansyèl .

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here