Ayiti-Jistis-. Yon semenn aprè zak asasinay sou Oscar Gregory a, pakè jiridiksyon Okay la ap patinen.

 Okay, 14 jen 2022

Yon semèn aprè zak egzekisyon ki fèt sou antreprenè Gregory Oscar nan ri Gosen an, madi 7 jen pase a, youn nan avoka akize yo mande Komisè gouvènman jiridiksyon Okay la, kite lajistis fè wout li. Deklarasyon li fè jodi madi 14 jen 2022 a nan yon kout pale ak kèk konfrè laprès.

Avoka nan bawo Okay la, Herby Decossard di li te sou tèren foutbòl ak konfrè avoka li yo lè aksyon an te pase. Li ajoute pou l di, li pa menm konn tèren y ap pale a ki nan zòn Charye a. Pou relasyon l ak avoka Haby Fabre, pakè Okay la mete manda ak entèdiksyon pou li tou pa kite peyi a, li di pa gen okenn kote ki entèdi avoka nan diferan bawo pale kòm se ennmi deklare Komisè prensipal la, li pa pral devan l. Men li prè pou l parèt douvan kenpòt lòt komisè.https://radiotelemontagna.com/ayiti-jistis-48ed-tan-apre-gregory-oscar-fin-tonbe-anba-bal-komise-gouvenman-okay-la-mete-aksyon-piblik-anmouvman-nan-mete-manda-arestasyon-ak-entediksyon-pou-2-avoka-pa-kite-peyi-a-selon-2-dokima/

Herby Decossard pa gen manda pou Lapolis trennen l pote bay jal Komisè anchèf la si nou kwè sa Ronald Richemond te deklare bay radyo télé Montagna men non avoka akize a nan lèt ki al jwenn Direktè imigrasyon ak emigrasyon pou anpeche yo kite peyi a kòm sispèk nan asasinay Gregory Oscar.https://radiotelemontagna.com/ayiti-ensekiritekonfli-nan-zafe-te-alabaz-asasinay-yon-sitwayen-nan-okay/

8 jou aprè okenn moun non yo ap klewonnen nan dosye a pako arete. Pou plizyè sitwayen ki pale ak nou lajistis se pa nan radyo sa fèt. Depi Komisè a te site non akize yo nan radyo kèk èdtan aprè se yon fason pou l te di yo ba l zòn lan blanch.

Bò kote direktè Polis depatman Sid la, nan yon konferans ak laprès, voye jete byen lwen pawòl Komisè a ki te akize yon ajan nan Lapolis ki asasinen viktim lan. Direktè Compère di se Enspeksyon Jeneral la ki gen pou l fè swivi yo. Yon sityasyon ki montrè aklè vyolon yo pa fin akòde ant chef pakè Okay la ak Direktè depatmantal Polis la.

 

Maks – Enmbèr Marslen

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here