Ayiti-Grèv: Pòt plizyè enstitisyon piblik, eskolè ak plizyè magazen rete fèmen maten premye jen an nan Vil Okay malgre inisyatè yo te repòte mouvman grèv la kèk èdtan anvan.

Okay, 01 jen 2022

Plizyè enstitisyon tankou lekòl , DGI, Koudèkont, Finans ak plizyè magazen nan vil Okay pa louvri pòt yo maten mèkredi premye jen 2022 a malgre moun ki te lanse mouvman Lari blanch yo te repòte l apre yo te fin chita pale ak yon delegasyon plizyè minis nan gouvènman defakto PHTK dezyèm vèsyon an, ayè madi 31 me 2022 a, swa kèk èdtan anvan mouvman an te demare.

Yon lòt fwa responsab plizyè asosyasyon tankou : chanm Komès Sid, Asosyasyon chofè ak pwopryetè machin epi ansanm komèsan nan Sid te pral krab kò yo epi kanpe mouvman grèv ki te anonse pou mande otorite santral yo pou debloke Matisan ki gen yon lane depi Bandi ak zam ap touye, vyole, kidnape san gade dèyè. Yon desizyon ki te pral etone anpil moun lè yo konnen se pa jodi a lapolis ak gwo chèf nan pouvwa ap fè pwomès pou rezoud pwoblèm ensekirite a nan rantre Sid kapital la.https://radiotelemontagna.com/ayiti-grev-kout-gidon-nan-mouvman-grev-komesan-gran-sid-yo-ak-sendika-apch-la/

Ralatisman aktivite yo maten mèkredi a nan Vil Okay montrè klè kou klèwoz se yon kou nan do aktè sa yo bay gwo popilasyon an kise prensipal viktim nan sityasyon malouk sa nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ap fè fas depi kèk tan, sitou nan Matisan. Majorite machin ki asire transpò nan Gran Sid la sou pewòl bandi ki kontwole zòn nan e se pasaje yo ki peye sa paske tout kous yo sanse double. Pou te monte gaz sou do popilasyon an se menm aktè sila yo ki te pase anba al negosye kont pèp la ak gouvènman an dapre anpil moun nan popilasyon an.

Nan dènye konferans ki pral gen yo mwa li te bay, Direktè Jeneral Polis la, Frantz Elbé te anonse li pral atake pwoblèm Matisan an nan yon titan tou kout epi mande popilasyon an pran yon ti pasyans . Yon ti pasyans ki pa janm fini pandan chak jou bandi yo ki pou anpil moun jwenn gwo mwayen ak pwoteksyon nan men gwa palto nan Leta ak sektè prive a kontinye ap bwè san epi anfonse twaka sitwayen yo nan malsite.

 

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here