Ayiti /Ensekirite: yon moun mouri, 2 lòt blese  nan yon bis modèn Okay – Pòtoprens lendi 30 me a.

Pòtoprens, 30 me 2022: Nan kad yon atak bandi ame nan Matisan fè sou yon bis Voix Des Anges ki asire transpò Pòtoprens Okay, yon moun pèdi lavi ak 2 lòt blese dapre Ernso kise chofè bis sila a. Zak sa a kòmèt nan zòn Matisan 4 pandan bis chaje a ap pran direksyon Sid kapital la pou antre nan 3zyèm vil peyi a, apremidi lendi 30 me 2022 a.

Pou kounye a Ernso ki se chofè bis la twouve l nan komisarya Omega kote l ap tann jijdepè pou vin fè konsta. Blese yo menm al pran swen lopital.

Bandi nan Matisan gen yon pakèt tan depi y ap kidnape moun ak detounen machin, souvan lèmachin yo pa kanpe yo simen kout bal sou machin nan ak tout pasaje kote plizyè dizèn moun déjà pèdi lavi yo nan sityasyon malouk sa a ki gen anviwon yon lane nan rantre sid kapital la.

Plizyè komèsan ak asosyasyon pwopryetè ak chofè nan Gran Sid la anonse yon mouvman pou premye jen 2022 a ki batize “lari blanch” yon fason pou mande Leta santral debloke Matisan. Nou ka li atik sou jounen grèv la nan lyen sa a :https://radiotelemontagna.com/ensekirite-pwotestasyon-yon-mouvman-grev-anplis-nan-gran-sid-peyi-a-pou-pouse-responsab-yo-debloke-matisan/

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here