Okay 3 jen 2022
Moun yo pa rive idantifye mete dife sou yon moun nan rantre Vernet 1, sou wout ki mennen nan ayewopò Okay la , nan lannwit Jedi 2 jen an pou leve maten vandredi 3 jen 2022 a . Pa gen twòp enfòmasyon sou sa ki rive a men selon moun nan zòn ki pale nan mikwo radyo Télé Montagna di yo te tande bri epi yo te wè dife. Se avan jou a yo konstate se yon moun yo kankannen anba kawotchou.

Jijdepè Gabner Charles deja fè konsta l, li di nou daprè kèk moun nan popilasyon an se ta yon vòle men li pa jwenn anyen ki montre sa a. Kounye a se lameri ki pou vin leve kò a.

Nan semenn sa a, sa fè 2 moun popilasyon an leve jwenn mouri ozalantou vil la. Jounen jodi a anpil moun sitou gason ap viktim pa bann pa pakèt swa pa bal oubyen yo lenche yo akòz popilasyon nan yon sousi pou l pwoteje tèt li pa kontwole anyen . Yon sityasyon ki lakòz anpil inosan viktim paske lapolis ak lajistis pa jwe wòl yo komsadwa.

Touye moun yo ki ta enplike nan move zak se yon aksyon Konstitisyon 1987 la kondane.

Maks – Enmbèr Marslen.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here