Okay 14 jiyè 2022:

Prezidan jiri, Korektè, sekretè nan sant koreksyon egzamen ofisyèl 9vyèm Ane Fondamantal la redemare nan lise Jean Claude Museau, maten jedi 14 jiyè 2022 a apre antant yo jwenn ak direksyon Sid MENFP a.

Korektè yo ki rankontre ak direktè depatmantal Sid la, Jean Sylvain DÉSIR, nan sant lan, jwenn yon mo ant yo pou koreksyon an rapousib. Sa ki rann nan diferan jiri korektè yo ap korije fèy kandida yo.

Kòdonatè sant koreksyon an, enspektè Venel Joseph ki reponn kesyon radyo Montagna di li kontan, korektè yo jwenn yon antant pou koreksyon an ka kontinye. Li di koreksyon an ta dwe dire 2 semenn si pa gen pwoblèm. Paske tank gen pwoblèm se tank rezilta yo ap soti pi ta.

Daprè enfòmasyon yo, direksyon an gen yon bidjè pou l swiv. Se nan frè paran elèv yo peye ki se 1000 goud ki pèmèt responsab yo òganize egzamen an.

Daprè kèk korektè se pa montan yo te egzije a ki se 25000 goud frè a yo jwenn men pito olye se 2 koreksyon fèy kandida yo pran -jan ministè a te swete a- y ap pran youn sèl, jis pou konpanse demand kotektè yo.

Pou kèk lòt korektè ki pale ak RTM panse korektè yo pa t bezwen bay espektak ayè a paske pa gen anyen ki chanje. Depi nan lansman koreksyon an, lendi 11 jiyè 2022 a, yo te konnen konbyen frè a ye, si yo pa t dakò se te pa manyen anvlòp kandida yo ditou. Yo kontinye pou l di, korije fèy timoun yo nan travay yo kòm anseyan. Kòm leta pran yon frè nan men direksyon lekòl yo, li ba yo yon frè tou. Yo menm y ap kontinye respekte mo yo.

Se 201280 kantite kandida ki sot pase egzamen ofisyèl yo pou lane eskolè 2021 – 2022 a nan tout peyi a. Pou depatman Sid la se 11220 elèv ki soti nan 404 etablisman ladan yo 71 lekòl Leta ki sot pase egzamen yo.

Yon lòt kote, DDS- MENFP a fè kwè biwo santral la fè yon gwo pa nan prepare fèy kandida bakaloreya yo. Pou Désir, gen 80% kopi yo ki deja trete pou korektè yo. Koreksyon Nouvo Segondè (NS4) ak Filo tradisyonèl la ta dwe demare lendi 18 jiyè 2022 k ap rive la.

Maks – Enmbèr Marslen

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here