Ayiti- Dwa Moun : Plizyè òganizasyon dwa fanm ak dwa  moun nan peyi Lafrans ak peyi Dayiti  ekri UNESCO pou mande pa resevwa Josue Pierre-Louis nan kad prezantasyon yon konferans deba.

Nan yon nòt ki pote dat 24 jen 2022, Plizyè òganizasyon k ap defann dwa fanm ak dwa moun denonse prezans Sekretè Jeneral palè Nasyonal la, Josué Pierre-Louis nan kad yon konferans deba sou dènye liv li apèn soti a nan lokal delegasyon pèmanan Ayiti nan Oganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO) jou k ap 28 jen 2022  k ap vini la nan vil Pari ,peyi Lafrans.

Okay, 25 jen 2022

Ansanm oganizasyon ki siyen nòt la prezante plizyè zak ki pouse yo mande UNESCO pou bloke Sekretè Jeneral Laprezidans la. Pami fè sa yo yo rale:

Josué se yon moun ki toujou nan pouvwa e li se aktyèl Sekretè Jeneral Laprezidans. Li te okipe plizyè gwo fonksyon tankou : Minis jistis, Komisè gouvènman, Sekretè Jeneral Primati, Kòdonatè Jeneral Ofis Manenjment ak resous moun (OMRH), Konseye prezidan Mateli ;

Non Pierre Louis te site nan eskandal seksyèl, kote yo te akize l paske l konn fè agresyon seksyèl sou plizyè anplwaye ki t ap travay sou lòd li. Viktim yo ki pa t vle pèdi djòb yo te pè pote plent, plizyè òganizasyon dwa moun te denonse li ;

Josué Pierre-Louis gen akizasyon kòm moun ki fè agresyon fizik ak vyòl nan dat 26 novanm 2012 sou yon anplwaye Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) li t ap dirije kòm prezidan nan epòk la. Vitim nan te pote plent 2 jou apre swa 28 novanm nan tribinal. Li te jwenn sipò plizyè òganizasyon dwa fanm ak dwa moun tankou : SOFA, Kay Fanm, RNDDH ak POHDH ;

3 desanm 2012 viktim lan te mande sipò nan Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC), enstitisyon dwa moun lan, OPC bò kote pa l mande Jij enstriktè a ki t ap trete dosye a nan dat 6 desanm pou l aji san presyon, san enfliyans politik nan dosye a epi mande pou akize a mete li disponib pou lajistis ;

Òganizasyon ki siyen nòt la di, UNESCO kòm òganizasyon ki la pou asire respè lajistis, lalwa , respè dwa moun , libète fondamantal pou tout moun, pa kapab inyore diferan fè yo mansyone nan nòt la pou asosye l ak yon moun tankou Josué Pierre-Louis, ki enplike nan plizyè zak vyolasyon dwa fanm ak dwa moun.

Nòt sa n ap jwenn ki anekse pi ba  a pote siyati plizyè òganizasyon dwa fanm ak dwa moun pami yo : Daniele Magloire, Kay Fanm, Sabine Lamour, SOFA, Marie Ange Noël Fanm Deside, Pascal Solages , Nègès Mawon, Vanessa Jeudi , Dantò,Rosie Aguguste Ducéna , RNDDH, Alermy Piervilus , POHDH.

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here