Ayiti-Dominikani: Mouvman AZUEÏ yon melodi dekolonyal sou zile kiskeya a.

 

« KiskeyART kwè nan viv ansanm, solidarite dwe boujonnen nan Batey yo, se pou sa nou ofri gran konsè gratis, Grafiti pou nou raple enpòtans koyegzistans. Viv ansanm, Kilti bay lanmen, Ayiti-Repiblik Dominikèn », se yon ansanm tèm ak eslogan ki plis make yon virewon binasyonal sou zile Kiskeya a mouvman AZUEÏ tanmen 10 jen pase a ki batize KiskeyART ap bout demen dimanch 26 jen 2022 a.

Okay, 25 jen 2022

Plizyè vil sou zile Kiskeya te gen chans viv gwo moman retwouvay sa yo malgre imgrasyon fewòs la lage dèyè Ayisyen ki travèse fwontyè a pou move lavi ak ensekirite a. Inivèsite Limonad, Alyans fransèz Okap , Ansapit bò kote ayisyen, Pedernales, Santiago se kèk pami vil ki te gen chans patisipe nan gwo koudjay kiltirèl sa yo kay vwazen an sou lobedyans mouvman AZUEÏ.

 

AZUEÏ se yon mouvman ki reyini plizyè atis angaje ayisyen ak dominiken.  Li pran nesans nan lane 2015 bò lak Azueï ant Jimani ak Malpas. Objektif la se mete fòs yo ansanm pou dekonstwi diskou divizyon ak layèn ki egziste nan politik 2 peyi yo atravè mizik ak lòt pwodiksyon atistik. Se yon fason pou ofri yon lòt vwa, yon lòt chemen ak nouvo jenerasyon 2 peyi yo. Mizik, grafiti, literati ak aktivis se prensipal zam yo itilize pou pouswiv tras zansèt yo genyen ankomen pou chèche konnen pi byen orijin yo. Mouvman an gen plis pase 40 atis angaje ki soti sou 2 kote zile a k ap ponpe yon enèji pozitiv nan mitan pèp yo.

Atis/ militan Vanessa Jeudi se youn nan prensipal atis ayisyen ki make virewon sa a. Diva mizik ayisyèn lan trè prezan sou rezososyal yo atravè diferan prestasyon gwoup AZUEÏ yo, li se youn nan chantè gwoup la.   Vanessa se yon atis ki angaje li nan batay pou byennèt mas yo sitou fanm yo nan katye popilè yo, milye riral yo ak fanm nan faktori yo. Li te pral relanse karyè mizik li nan fen lane 2021 an ak yon mizik ki rele “Limyè” ki chante lespwa pou pèp ayisyen an ki ap travèse yon moman nwa.https://radiotelemontagna.com/ayiti-dominikani-kilti-virewon-pou-vanessa-jeudi-ak-gwoup-azuei-nan-kad-pwoje-binasyonal-ki-rele-kiskeyart/

 

Relasyon politik ant Ayiti ak repiblik dominikèn 2 zèl zwazo zile Kiskeya a rete yon baryè ki pa janm louvri pou fasilite 2 pèp yo viv nan amoni. Politisyen ki soti nan matris sistèm kolonyal  kapitalis la adopte yon politik ki chita sou divizyon, layèn, rasis epi polye relasyon fratènèl ant 2 pèp yo. Soti nan masak 1937 la kote gouvènman Trujilio te masakre plizyè milye peyizan ayisyen, pase pran lane 2013 desizyon tribinal konstitisyonèl dominiken pran pou denasyonalize plis pase 250 mil ayisyen ki gen orijin yo nan peyi Dayiti , pou rive nan imigrasyon fewòz  lajounen jodi a, relasyon yo sou yon move kadans.

 

Nan mitan moman istwa sonm sa yo, yon gwoup jenn fanm ak gason 2 bò zile a ki gen rasin yo jouke nan Lafrik chwazi pote yon limyè ki pou klere chimen nouvèl jenerasyon an atravè AZUEÏ. Inisyativ sa parèt kòm yon twazyèm vwa, yon chimen solidarite, inite ant ayisyen ak dominiken ki kondane pou yo viv ansanm.

 

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here