Komite rejyonal Asanble pèp Karayib la nan kad yon konferans pou laprès ayè lendi 13 jen 2022 a, anonse ofisyèlman Asanble Pèp Karayib la (APK) ap fèt soti 4 jiyè pou 8 jiyè 2022 a nan Vil Santiago Kiba ak patispasyon plizyè peyi nan Karayib la.

Tèm ki kenbe pou 9vyèm Asanble sa a se: Kilti, Rezistans, Souvrènte ak Revolisyon. Camille Chalmers ki se manm kòdinasyon rejyonal la eksplike kisa APK ye epi kisa ki pral gen nan djakout 9 vyèm asanble a.

 Li te pwofite anonse yon manifestasyon kiltirèl k ap genyen 17 jen 2022 k ap rive la nan Sant Kiltirèl Ayiti -Brezil la. Daprè l se yon aktivite pou mobilize nou sou Asanble a ki pral fèt nan koumansman mwa jiyè a.

 

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here