Ayiti-Anviwonnman: Konbit Ekolojis Sid (KES), drese yon bilan sonm sou anviwonman peyi a nan kad jounen mondyal anviwonman an.
Okay, 5 jen 2022
Nan yon nòt pou Laprès ki rive jwenn radyo Télé Montagna, jodi 5 jen 2022 a, youn nan òganizasyon k ap milite nan mouvman sosyal la nan Sid peyi a, bay mo pa yo sou eta lamantab anviwonman nan peyi a anjeneral, rejyon Sid la anpatikilye.
Yon lòtbò Konbit Ekolojis Sid pwopoze nan yon seri pwen kisa ki dwe fèt pou amelyore anviwonnman an. Li envite sitwayen ak sitwayèn yo pou poze tout aksyon dirab ki annamoni ak Lanati, yon fason pou sitwayen jodi ak jenerasyon k ap vini ka viv pi byen paske sitwayen yo pa gen lòt planèt.
Okay, 05 jen 2022
Konbit Ekolojik Sid (KES) salye tout konpatriyòt ak Òganizasyon k ap goumen pou yon Anviwonman sen pou tout pitit tè a e profite swete yo yon bon Jounen Anviwonman 2022.
Konbit Ekolojik Sid (KES) konstate avèk tristès eta degradasyon anviwonman peyi a ki pa sispann vale teren malgre divès gwo angajman Leta ayisyen te pran nan dat 22 avril 2016 la nan kad siyati ofisyèl Akò Pari a nan nan sal Asanble Jeneral Nasyonzi a nan Nouyòk. Yon akò ki te fè swit ak siyati preyalab divès peyi te pran pandan dewoulman Kòp 21 an kite òganize nan vil Pari, Peyi Lafrans nan dat 12 desanm 2015, kote Ayiti te pran angajman pou te redui « gaz à effet de serre » yo a 31% anvan lane 2030. Malerezman pandan dat 2030 la ap rive ak tout vitès sou peyi Dayiti , KES rive drese yon lis degradasyon anviwonmantal nan Peyi a ak nan Depatman Sid an patikilye ki bay gwo kè kase:
1- Kouvèti vejetal la ki pa sispann diminye de jou an jou akòz anpil pyebwa k ap koupe pou fè chabon, itilize nan kofray, dray elatriye. Sa ki pwodwi anpil erozyon nan tèt mòn nou yo lè gen gwo lavalas lapli, apovri ak diminye fètilite sòl nou yo.
2- Klima ki pa sispann rechofe e ki pwovoke plis chalè chak jou pi plis, anpil konsekans sou sante moun, bèt ak plant.
3- Fatra ak dechè tout kalite epapiye nan tout kwen vil la ak ozalantou l kote popilasyon an oblige mete dife ladan yo ki bay vle lafimen k ap polye lè a
4- Izin san kontwòl k ap bonbade nou ak lafimen toksik, ak vye dlo cho k ap detwi espès zanimo yo.
5- Resous natirèl nou yo ki pa sispann diminye akòz movèz eksplwatasyon (okenn kontwòl sou la pèch, chas, …), anpil konsekans sou byodivèsite a
6- Sous dlo, rivyè, dlo anba tè, ak lanmè ki pa sispann polye akòz dechè solid, likid ke yo jete ladan yo
Nou men manm Konbit Ekolojis Sid (KES), konsyan ke se yon dwa ke nou genyen pou nou gen yon Anviwonman pwòp e sen ki garanti pa Konstitisyon 1987 la ak anpil Konvansyon entènasyonal Ayiti siyen e adopte, Konsyan Leta Santral ak Otorite Depatmantal (sivil, politik, …) pa manifeste okenn volonte pou garanti dwa sila a, malgre demach sitwayen Angage bò kote Otorite sila yo. Fas a tablo alaman sa a, Nou men m nan KES nou pwopoze e rekòmande:
▪ Pou Meri (Vwari, SMCRS) yo ranmase dechè yo selon kalendriye, e kreye yon pwogram pou gere yo selon tip dechè, pandan nou ap ankouraje tout inisyativ prive nan sans sa.
▪ Kontwole Ponp gaz, Estasyon Pwopàn k ap enplante san kontwòl nan zòn kote popilasyon an ap viv.
▪ Kontwole Izin ak machin k ap bonbade lafimen nan lè a, k ap ògmante Gaz a efè de Sè yo
▪ Mòd Kilti k ap depafini ak tèt mòn nou yo, miltipliye ak enstale pepinyè nan komin yo pou ede rebwaze, fè pwomosyon ak ankourage lòt pratik agrikòl…
▪ Ankourage ak itilize enèji renouvlab yo (solèy, van, dlo ….)
▪ Sibvansyone lòt sous enèji pou diminye presyon sou koupe pyebwa pou fè chabon.
▪ Amelyore, adapte ak aplike tout zouti legal ki vize pwoteje anviwonman an.
Anfen, nan Jounen Mondyal Anviwonman 2022 an ki gen pou tèm « UNE SEULE TERRE » (YON SÈL TÈ), nou envite nou poze tout aksyon dirab ki an amoni ak Lanati, yon fason pou nou tout (nou menm ak jenerasyon k ap vini) ka viv pi byen paske nou pa gen lòt planèt.
Konbit Ekolojis Sid (KES) envite nou chak (sosyete sivil kou Leta) pou pran responsabilite yo pou pran swen ak pwoteje bout tè sa ki yon byen komen a Nou tout.
Pou Anviwonman nou, se kanpe batay.
Pou Otantifikasyon :
Yvel Jn Louis
Jeanne Marceline Pinet
Gerard Marcelin