Ayiti-Anviwonman: Enplantasyon yon Izin Vetivè nan lokalite Sanon/Bèjo, yon gwo danje pou Jaden Botanik Okay la ak moun k ap viv nan lokalite a.

Okay, 22 jen 2022

Lokalite Sanon yon zòn ki twouve li nan 4 triyèm seksyon kominal Loran, komin Okay, sou wout pou akeyi yon nouvo izin vetivè ki pa sispann pouse kou djondjon nan 3zyèm vil peyi a. Sa gen prèske 2 lane depi abitan nan zòn nan te remake gen konstriksyon yon izin ki demare malgre zòn nan deja gen anpil fanmi ki abite l,anplis konstriksyon izin nan pa twò lwen ak Jaden Botanik Okay la, swa yon distans 500 mèt konsa. Yon sitiyasyon ki bay gwo kè kase ak abitan yo ki non sèlman gen gwo lapèrèz pou konsekans izin nan pral gen sou sante yo mentou sou konsekans negatif li pral gen sou jaden botanik la si otorite nan Lameri ak nan Ministè Anviwonman atravè Biwo Depatmantal la ta kite izin sa an entale kò li nan zòn nan.

Plizyè abitan nan zòn nan, fanm kou gason Radyo  Montagna te pale ki pa dakò pou yo viv menm kote ak yon izin k ap vin polye espas kote y ap viv la, rive òganize yo atravè yon estrikti ki pote non Konbit Ekolojis Sid (KES) ,yon fason non  sèlman pou pouse otorite yo pran desizyon pou entèdi enplantasyon izin nan men panche sou pwoblèm anviwonmantal  depatman Sid la ak rès peyi a ap fè fas. Premye demach yo te antame sete alète lopinyon piblik atravè laprès sou menas sa a. Nan dat 6 janvye 2021, yo te adrese yon petisyon ak responsab Lameri epi Direksyon Depatmantal Anviwonman Sid la. 28 avril 2021, sou demand Direksyon Depatmantal Sid Anviwonman , Pakè Okay akonpanye ak Jijdepè Paul Tarte kite gen ak li  plizyè ajan PNH ki fè pati UDMO te al kanpe konstriksyon izin nan.  Kèk tan apre yo pral sezi wè travay yo redemare, materyèl ap rantre sou chantye a malgre otorite yo te kanpe travay yo.

Jou kite jedi 15 oktòb 2021 an, abitan nan zòn nan ki fè pati konbit la te fè apèl ak Jijdepè Gabner Charles, pou te al konstate non sèlman nan dat 28 avril Ministè Anviwonman ak Pakè Okay te kanpe travay yo mentou pou te konstate travay yo rekoumanse malgre sele ki poze sou chantye a. Nan rapò pwosèvèbal la Jijdepè a nou ka li sa a : Donnant suite à cette réquisition, nous nous y sommes transportés comme dit, où, à notre arrivée, nous avons  vu et constaté un bâtiment inachevé, aux fins d’implantation d’une usine de vétiver avec une base de clôture. Dans un espace de la base de clôture et au mur arrière gauche avons vu et constaté des écriteaux « Travaux suspendus par le Parquet des Cayes 28 avril 2021 ». Avons également vu et constaté des fouilles juste avant la construction sans nul doute destinée à être remplies de bétons et de semelles de fondation.

Ajisman mèt izin la kreye gwo dout nan tèt manm kominote a daprè sa yo fè konnen. Lè yo konnen pwa koripsyon genyen nan peyi a, yo pa swete se kout mal taye ki fèt nan dosye a ki pouse malgre desizyon otorite yo te pran pou kanpe chantye a, responsab izin yo kontinye chantye a e koumanse vini ak gwo chodyè pou demare aktivite yo, sinon se t ap yon gwo souflèt pou Ministè Anviwonman ak lajistis.

Sèlman nan vil Okay ak zòn ki ozanviwon li gen pou piti 8 izin k ap ponpe lafimen ak lage sann dife sou tout sifas ki bòkote yo. San konte dechè y ap lage nan anviwonman , bri machin pou site sa yo selman. Ponp gaz pou machin ak pwopan fè mikalaw.  Anpil fwa antrepriz sa yo konn lakòz gwo eksplozyon ki fè anpil dega. Enplantasyon izin nan toupre Jaden Botanik la se yon malè pandye pou espas sa kise youn nan pi gwo referans nan lavi 3zyèm vil peyi a. Izin lan pral plase nan mitant 2 rivyè ki se rivyè Dòmant ak Lilèt mete sou jaden Botanik la ki a 500 mèt.

Direktè Ministè komès ak Endistri a Jean Evens Clovis ki t ap patisipe nan yon emisyon radyo nan vil Okay fè konnen, se responsabilite  Kazèk zòn nan, Meri Okay ak Direktè depatmantal Sid anviwonman an ki pou anpeche yo louvri izin sa nan yon zòn ki deja gen plizyè fanmi k ap viv Ladan l epi ki tou pre patrimwan sa  ki se Jaden Botanik Okay. Responsabilite l se bay Kat Idantite Pwofesyonèl (CIP) ak tout antrepriz ki respekte tout nòm sa egzije. Sa vle di ki jwenn otorizasyon nan men Lameri ak Biwo Nasyonal Evalyasyon Anviwonmantal (BNEE) ki se yon enstans nan Ministè Anviwonman.

Vil okay prèske tounen yon founèz k ap ponpe chalè, pousyè ak izin vetivè ki enstale toupatou. Malgre Leta ap mache pasi pala, siyen akò ak konvansyon sou klima, sa pa anpeche li pa janm pran okenn mezi pou pwoteje anviwonman peyi a ki pa sispann delabre. Dosye a sa a si li pase se pral yon souflèt anplis pou anviwonman an.

 

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here