Yon jenn gason mouri, 5 lòt blese, anba bal, vit machin kraze, gerit bòlèt, treto ti machann, kawotchou ap boule, anpil pyebwa koupe pou bare antre sou wout prensipal yo kou nan komin Okay se imaj premye nan 3 jounen mobilizasyon pou mande PM/prezidan Ariel Henry kite tèt peyi a nan dat 7 fevriye 2024 k ap rive la.

 

Okay 6 fevriye 2024

Depi nan dimanch 4 janvye nan sware, komin Okay te koumanse barikade epi anpil kout bal t ap chante. Byen bonè, nan lendi maten 5 fevriye a menm se rèl tèlman sitiyasyon an te mabyal. Sèl sa ki te fonksyone se transpò ti avyon yo Okay/Pòtoprens. Bò 9vè konsa nan maten, anba lapli, plizyè milye moun te pran lari a pou mande rejim PHTK a, 3 vèsyon an pou kite peyi a. Yon manifestasyon ki te pral kraze anba gaz lakrimojèn, kout bat lapolis.

İmaj sa a pa t diferan nan divès lòt gran vil nan peyi a tankou: Ench, Wanament, Okap, Gonayiv, komin Delma nan Kapital peyi a sitwayen yo ap chante menm refren an, aba Ariel Henry, aba lavichè, ensekirite, elatriye.

Malgre tout kantite moun sa yo pran lari pou anpil obsèvatè se jwèt manje tè k ap fèt. Pou yo se plis enèji k ap gaspiye paske mouvman yo pa gen nanm. Yo rale egzanp kèk sitwayen k ap atake. Pou yo moun sa yo se ti malere ki pa mele ditou nan politik se ti aktivite yo, ti antrepriz kou biznis moun ki sanble ak yo ki atake.

Yon lòt kategori ki pale nan mikwo nou, denonse atak sitwayen yo ap fè sou pyebwa yo. Sitwayen sa yo di, yo konstate depi kèk ane gen yon atak vyolan k ap fèt sou yon kategori pyebwa ki vle di anpil pou peyi a. Yo vanse pou di yo pa rive  konprann atitid Kriminèl sa a.

Manifeste pou reklame dwa ou se byen . Men mòd alyans konjonktirèl ki monte la ak yon seri moun ki te nan tèt peyi a kou lòt ki arebò se jwèt  klas dominan yo oubyen se mannigèt koutye peyi enperyalis yo pou mate veritab mouvman mas yo.

Maks – Enmbèr Marslen

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here