4 jou aprè yon gwo akizasyon tonbe sou do mèt avoka Ludger Paul, Pakè jiridiksyon Okay la mande lapolis pou li pran tout dispozisyon li pou trennen mèt la bay lajistis.

 

Okay, jedi 12 fevriye 2026

Daprè yon lèt ki pote siyati komisè anchèf Pakè Okay la, Pierre Wilner Dormevil, nan dat mèkredi 11 fevriye 2026 la, mande Dirèktè Polis Sid la, Serge Allande Jolicoeur pou trennen Ludger Paul ba li pou dosye Jean Patrick Theard a san presize si li te mete yon manda dèyè do mèt la, nan ki dat manda sa te soti.

 

Daprè enfòmasyon yo, mèt avoka Paul ta kenbe chofè taksi a nan kòlèt, moleste li paske li te frape machin li. Aprè aksyon an, viktim lan te blayi atè nan pwent monte Boulva 4 Chemen an, bò 10zè konsa, vandredi 6 fevriye 2026 la.

 

Yon ti tan apre, sou apèl yon jounalis, reponsab òganizasyon dwa moun lan, Jean Bénissél Bélas ki te akonpaye ak yon lòt manm nan UFADESH te pral rive sou plas epi transpòte viktim lan nan Lopital Jeneral Okay, bò 10zè 30 yo konsa nan maten epi bay mwayen (2000 goud) pou yon premye swen selon mo Bélas ki reponn kesyon Radyo Montagna nan telefòn. Kontakte mèt avoka Ludger Paul pou vèsyon pa li pa rapò ak akizasyon sa, apèl yo pa dekwoche. Nou eseye mesaj watsap, san repons!

 

Si nou kwè yon sous medikal, chofè taksi a pa te gen okenn mak sou Kò li men li ka pran chòk andedan. Pou siy li yo menm, sa pa te bon paske to sik li te wo kou tansyon li. Sa ki te kontinye deteryore jouk li rann dènye souf li, samdi maten 7 fevriye 2026, bò 6zè nan maten.

 

Paran Jean Patrick Theard, 49 lane, bò kote pa yo pote plent pou mèt la. Yon sous nan Konsèy Lòd Avoka yo, di nou Komisè gouvènman an te ekri Batonye konteste Louis pou mande l mete Paul aladispozisyon lajistis. Bò kote pa l mèt avoka Louis, deja tande paran yo kou responsab dwa moun lan pou plis detay. Poze li kesyon si mèt Louis te bay mo li, pa te gen plis enfòmasyon.

 

Se pa premye fwa non mèt avoka Ludger Paul nan demele ak lajistis swa pou koze tè oubyen pou vyolans domestik. Men chak fwa, Bawo avoka Okay yo toujou detèmine pou bloke tout pousuit. Nan ka sa selon kèk avoka, pa gen flagrans. Se douvan Jij enstriksyon pou l voye dosye a. Daprè obsèvatè yo, Batona yo la pou bare tout demach lajistis kòmsi yo gen iminite. Epi lè yon sitwayen pote plent menm, okenn desizyon pa pran nan Konsèy Disiplin yo pou kadre tout zèfèyis avoka ki kache anba wòb nwa sa a.

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here