Soti 7 pou rive 29 jiyè 2025 la se yon gwo maraton jidisyè k ap dewoule nan Tribinal Premye enstans Okay la. Youn nan 17 dosye k ap trete pandan asiz kriminèl ak prezans jiri sa a pete plafon pa rapò ak kantite tan li dire. Yon dosye gran piblik la t ap tann.

 

Okay , samdi 26 jiyè 2025.

Se nan yon sal odyans plen kou yon ze, san konfò, san yon sistèm son adekwa, Majistra Sëide, manm jiri a ak reprezantan ministè piblik la jije 7 akize nan zak sasinay sou Julio Noradin ak Jean Michelet Beauzil nan Tribinal Premye Enstans la (TPI), aprè 7 lane 4 mwa 21 jou.

Demare bò 11zè 40 konsa, maten jedi 24 jiyè a pou bout vandredi 25 jiyè 2025 lan, bò 5kè 40 yo konsa nan aprèmidi. Sal prensipal odyans TPI a pa te janm vide tèlman piblik la te akwoche nan tande chak akize pou te rive sou veritab otè a ki se Fenol Noël aka Titi.

Aprè deba, jiri a deklare 6 sou 7 akize prezan yo pou 2 zak sasisay yo sòti konsa: 4 kondane, ougan Fenol Noel alyas Titi, ougan Charnel Point Du Jour, ak Aco Chery alyas Jean Claude kondane pou pase rès vi yo nan prizon, Julienne Lorcy ak Sergo Point Du Jour libere epi Ismath Point Du Jour kondane pou 5 lane men libere ak lwa « Lespinasse » la nan odyans 29 èdtan san kanpe a.

Se pa premye zak sasinay kote ougan ak manbo enplike nan rache epi disparèt moun nan jiridiksyon Okay la. Nou ap raple nou ka jenn antreprenè Jude Joseph kò l te vin lage sou plaj Jele nan zòn sou Wòch nan dat 20 fevriye 2018. Enfòmasyon yo te fè kwè se kèk manbo ak bòkò nan Tòbèk ki lòtè zak sa a epi vin kamoufle krim lan.

Nan dat premye novanm 2020, jenn demwazèl venteyen (21) lane, Anise Boisrond te asasinen epi  disparèt tèt li ak lòt pati nan kò l nan lokalite nan Jon sou komin Tòbèk. Jouk lajounen jodi, fanmi Joseph avèk Boisrond ap tann jistis ak reparasyon.

 

Si premye semenn asiz kriminèl ak asistans jiri a, apre 7 lane te gen gwo kritik sou mankman Ministè piblik la ki pa montre yo te prepare pou matonton aktivite sa yon bò, jiri a ki pa montre li gen matirite pou kalite egzèsis sa sanble efase mankman sa yo tèlman obsèvatè yo kontan dewoulman jijman youn nan krim ki te choke depatman Sid la, vil Okay anpatikilye. Paske 2 viktim yo: Noradin ak Beauzil se te 2 jenn ki t ap evolye nan kesyon espò ak edikasyon nan sant vil la epi yo te enplike yo nan tout aktivite bò lakay yo.

 

Malgre anpil akize deja libere pou mank prèv ak erè materyèl men asistans lan ret kwè odyans 24 jiyè pou 25 jiyè 2025 ak Majistra Jean Michelet Séide make jiridiksyon an. Avoka, kirye kou obsèvatè denonse detansyon prevantif la. Yo swete odyans sa yo fèt chak ane pou inosan yo pa ret fèmen pou yon zak yo pa komèt men pou veritab lotè yo peye.

Yo ap tann lòt jijman ki choke jiridiksyon an vin debat nan Tribinal Premye Enstans Okay la epi pou kriminèl yo peye pou lapèn ak mal yo fè sosyete a.

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here