Nan mwa janvye 2022 pase a, Pierre Esperance deklare bay medya an liy Ayibopost , jij Garry Orélien ki t ap trete dosye asasina ansyen prezidan defakto Jovenel Moise te resevwa 2 milyon goud pou l pa t arete yon chèf Lapolis nan kad diferan moun li t ap tande nan dosye sa a. Nan yon atik jounal la pibliye ayè lendi 22 dawou 2022 a, konfime se Léon Charles, Direktè PNH nan moman krim nan te fèt la ki te bay jij Orélien  lajan sa a yon fason pou l pa t tou arete l pandan odisyon l nan Kabinè Enstriksyon.

Okay, 23 dawou 2022

7 dawou 2022 a sot fè yon lane ak yon mwa depi Jovenel Moïse, ansyen prezidan ki te eli sou banyè Pati Ayisyen Tèt Kale (PHTK) mouri asasinen lakay li. Plizyè moun jwenn arestasyon yo nan dosye sila, genyen ki nan mawon lapolis di l ap chèche.  Men genyen k ap banbile, genyen k ap mache chante kou wosiyòl san kè kase, genyen lòt tou ki okipe gwo fonksyon nan tèt  peyi a. Youn nan yo se Léon Charles ki te Direktè Jeneral Polis Nasyonal la nan moman Jovenel Moïse nan difikilte anndan kay ki te pi siveye nan peyi a , nan lannwit 6 pou leve 7 jiye 2022 a,  nan Peleren 5.

 

Jounal Ayibopost revele nan dat 16 desanm 2021, Léon Charles te rann li nan kare Jij Orelien ki t ap trete dosye a ak 7 machin ki te gen 53 ajan an fonksyon nan do li tèlman li te pè pou jij la pat tou arete l. Jounal anliy lan rive konfime pawòl militan dwa moun lan, Pierre Esperance ki te deklare jij enstriksyon an te resevwa 2 milyon goud pou l fèmen je l sou dosye gwo kad sa a ki se Léon Charles,dapre yon sous jounal la pa  revele. 4 mwa apre odisyon sa a, swa avril 2022, Konsèy Pouvwa Jidisyè (CSPJ) te pran mizandisponiblite san sòl kont jij la pou koripsyon. Yon aksyon ki konfime Majistra a te nan aktivite louch pandan tretman dosye a.

 

Anpil kad nan lapolis la denonse konpòtman Chèf la lapolis la te genyen pandan ansyen prezidan defakto a te nan defikilite ki pa t ni bay lòd pou al wè kou pou pote aisitans pa l.  Yo lonje dwèt sou li tou kòm moun ki te gen sou pwoteksyon l pou yon bann tan Joseph Félix Badio ak ansyen senatè John Joël Joseph, 2 gwo sispèk nan krim lan.

 

Pou kounye Leon charles ap byen pase nan OEA kòm reprezantan peyi Dayiti, yon kado pou sèvis li rann nan asasinay ansyen prezidan defakto a daprè anpil moun.

 

Asasinay yo anpil tankou ansyen direkte radyo Haiti Inter, Jean Dominique ak gadyen li Jean Claude Louissaint, ansyen batonye Pòtoprens lan Me Monférier Dorval kou anpil lòt krim ,sa a se  krim deta, ankèt ap woule pou viktim yo pa janm rive  jwenn jistis.

 

Franndy Lesperance

Sous : Ayibopost

Foto :Paj Fesbouk Laprezidans

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here