Sitwayen yo nan jiridiksyon Okay la pako dijere avi rechèch DCPJ mete dèyè yon notè maten vandredi 4 jiyè 2025 lan, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik bò kote pa l, transfere 2 komisè nan Pakè Okay la ki ta enplike nan yon eskandal.
Okay, samdi 5 jiyè 2025.
Pou sèten se yon senp lèt transfè kòm ajan piblik. Pou lòt se yon matonton souflèt marasa Ministè Jistis bay ansyen administratè Pakè Okay la, lè MJSP degrade Doktè Pierre Elioth Paul Kòm sibtiti komisè nan jiridiksyon Okap.
Pran fonksyon nan tèt jiridiksyon Okay nan mwa novanm 2024 pase a, komisè PAUL pa t pran tan pou opinyon yo te defavorab avèk li nan fason li t ap aji nan divès dosye kriminèl kou sivil nan jiridiksyon an.
Dosye yo anpil kote komisè Paul patinen ladan yo tankou l te pran nan luil gen pou wè ak plizyè zak kriminèl kote li pa t fè sa l te dwe fè oubyen arete moun ki pa gen awè ak dosye sa yo, selon klamè piblik san konte deklarasyon li yo ki pat konfòm. Nan dènye 8 jou sa yo, anpil moun te denonse l nan dènye vag arestasyon Lapolis ak Pakè a nan dat 27 jen 2025 pase a kote li te arete plis pase 20 moun ladan yo kèk minè nan klèb Lasisine epi mete etikèt bandı sou do yo.
Sosyete a pa padone komisè a nan fason li te abòde zak kriminèl sou 3 jenn gason nan Dusis, doub sasinay sou wout Ayewopò a, lèse frape l ak notè Jean Vernet Mercier pou yon kay ki te ipoteke epi sasinay 2 avril 2025 Pierre Gerson Borgat dabò epi frè l, mèt avoka Pierre Antoine Borgat , 17 jen 2025 pase a nan espas 2 mwa 19 jou.
Pou anpil konesè, lèt transfè komisè a gen pou wè ak eskandal liberasyon notè Jean Vernet Mercier ki te gen manda pou motif Resèl vòlè daprè batri avoka li yo ki pa t kenbe , te pral wè yon òd depo sou akizasyon finanse asasinay bizisman Pierre Gerson Borgat nan dat 2 avril 2025 pase a nan ri Gosen an vin ranfòse chaj yo.
https://radiotelemontagna.com/tipa-tipa-ensekirite-a-ap-pran-pye-nan-sid-peyi-a/
Kout teyat. Notè Jean Vernet Mercier pa t menm pase 24 èdtan nan prizon sivil Okay la, li te relache tou suit pou kòz imanitè. Lòd sa se Sibtiti komisè Rilfort Berlus ki te siyen l nan plas Pierre Elioth Paul.
Pran mezi kont konmisè yo se byen, men pou kèk avoka ki reponn kesyon radyo RTM, panse Ministè Lajistis peche nan fason li transfere komisè yo. Pou avoka sa yo desizyon transfere komisè se yon apèl konplis Ministè Jistis voye bay plizyè jij nan jiridiksyon Okay la pou di yo gade kouman l tranche.
Antretan se non Me Jean Wilner Dormevil, ansyen komisè Mibalè k ap site pou ta vin nan tèt jiridiksyon Okay la.
Yon lòt kote reprezantan UFADESCH la, Jean Bénissel Bélas bat bravo lakontantman paske Dwayen Tribinal Premyè Instans Okay la, Me Lucien Jocelyn avèk lòt aktè pral òganize asiz kriminèl ak prezans jiri nan jiridiksyon okay la aprè 84 mwa.
UFADESCH ankouraje tout sitwayen ki deja resevwa envitasyon Tribinal la pou reponn favorab nan kad ekzèsis Kontitisyonèl sa a selon atik 52. 1 epi swete pou Ministè Jistis bay bon jan mwayen pou Dwayen an ka resevwa sitwayen sa yo ak diyite.
Asiz la ap demare lendi 7 jiyè 2025 lan. Nan tablo afichaj la se 17 afè nou kontwole k ap pase nan asiz kriminèl ak asistans jiri a.
Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)
RTM