Pou pèp la goumen pou chanje lavi l, l ap toujou bezwen yon pwen referans ki dwe kenbe l nan direksyon k ap mennen l nan objektif l ap rapouswiv atravè revandikasyon l yo.
Nan spò ak lagè, yo konn itilize strateji defansif pou epwize fòs lènmi advès la, avan pou pase alatak nan moman opòten. Nan sans sa a, enstriktè k ap prepare ekip ou batayon militè a, dwe travay sou ni atak ni defans ak sòlda ou jwè yo, pou fasilite ekip la adapte tèt li pou l toujou efikas nan tout sikonstans. Ayiti ap viv anba yon dominasyon neyokolonyal depi 10 jiyè 1825. 200 lane apre, peyi a rete kokobe anba èksplwatasyon Lafrans ak Etazini k ap fè tout jefò malfezans pou imilye ak detwi Ayiti. Pandan 2 syèk dominasyon, kolonyalis franse ak ameriken piye richès peyi a. Lafrans kase ponyèt Ayiti pou l ranmase lajan peyi a nan yon swadizan dèt lendepandans, alòske ameriken yo pral voye sòlda kase Bank Santral Pòtoprens, vòlè rezèv lò peyi dAyiti pou pote lakay yo. Jodi a ameriken fè FMI kraze endistri ki te konn bay travay, yo mete Gang toupatou pou kidnape, touye, kraponnen mas popilè yo, pou kenbe pèp la nan panik pou l pa revandike dwa l pou l sòti nan mizè. Sepandan malgre britalite kriminèl yo, pèp la deside goumen kont sistèm dominasyon neyokolonyal sa ki mete Ayiti ajenou an, menmsi gen aranjman nesesè ki dwe fèt anndan mobilizasyon an, pou rann li pi disipline. Pou sa fèt, fòk patriyòt ayisyen yo fè jefò pou akonpaye mas popilè yo, òganize yo nan batay pou peyi a jwenn dedirijan responsab k ap anmezi bay Ayiti manje, fè timoun al lekòl e bay pèp la mwayen pou l jwenn sante pou pitit li.
Pou pèp la goumen pou chanje lavi l, l ap toujou bezwen yon pwen referans ki dwe kenbe l nan direksyon k ap mennen l nan objektif l ap rapouswiv atravè revandikasyon l yo. Diskou nan leve kanpe 2018 yo mete konsyans mas popilè yo nan yon bon nivo, paske yo rive idantifye pifò lènmi prensipal ki drese nan chimen Liberasyon an. Yo voye jete nan poubèl anpil move pratik politik ak ekonomik nan peyi a. Apre mezi FMI ki kraze endistri peyi a pou lage pèp la nan chomaj, mas yo dekouvri manti ki dèyè pwomès mètdam Etazini ak tout enstitisyon ajan ameriken yo deplwaye sou teren an. Se pou tèt, mafya nan Depatmandeta gen difikilte pou yo fè pèp la vale desizyon koken yo, ni nan politik ni nan ekonomi tankou sa te konn fèt nan tan pase yo. Konsta katastwòf la tèlman klè nan je tout moun, pèp la krache verite a nan vizaj piyajè yo. Nan tan pase yo, kolonyalis yo te toujou kache nan do domèstik yo pou di sistèm nan bon, se kòripsyon ki anpeche l mache an Ayiti. Jodi a, pèp la lonje dwèt li direkteman sou sistèm dominasyon neyolonyal la kòm veritab responsab gwo malè peyi a. Kòm mafya entènasyonal sa pa aji ak moral, yo kontinye travay pou fè Ayiti tounen yon Repiblik ONG ki kondane pou resevwa èd imanitè pou elaji katastwòf la sou pwodiksyon nasyonal la. Paralèlman ak aksyon mètdam yo, enperyalis yo mize sou Medya sistèm nan, pou kontinye mete charabya nan lespri moun sou fason pou òganize ekonomi ak politik peyi a, pou mèt neyokoloni an toujou gen mwenyen fòse pèp la vale mezi dwategòch yo ki totalman opoze ak enterè pèp la ak peyi a. Sepandan kontrèman ak sa yo panse, pèp la kontinye kanpe nan mobilizasyon manch long lan depi 2018, pou konteste dominasyon ekonomik ak politik piyajè yo lage sou do peyi a malgre prezans Gang Ameriken ak Core-Gwoup deplwaye kòm bwa ame sistèm nan. Nan sans sa, menmsi avantaj ekonomik yo poko rive pou pèp la, mobilizasyon an agrandi konsyans politik mas popilè yo. Ositou, pou konsolide gen politik pèp la ranmase sou beton an, fòs pwogresis yo dwe òganize mobilizasyon an, disipline l e òdone aksyon yo otou revandikasyon popilè yo. Donk chita tande dwe òganize ant tout òganizasyon konsekan ki nan peyi a pou yo rive chache:
- a) Koz istorik ki mennen peyi a nan katastwòf la;
- b) Idantifye eleman ki bloke pwodiksyon nasyonal la e chache kilès ki kache dèyè blokaj la;
- c) Rezon ki pouse oligachi a pajanm oryante enèji mas popilè yo nan pwodiksyon nasyonal la pou bay peyi a manje;
- d) Kouman rive òganize peyi a pou satisfè twa bezwen fondamantal yo pou pèp la tankou: ba l manje, lekòl pou timoun li ak sante pou tout moun;
- e) Kouman pou envesti nan pwodiksyon nasyonal la pou relanse ekonomi peyi a;
Donk devan katastwòl la, moman rive pou pwogresis ayisyen yo ride pèp la pran inisyativ pou l retire peyi a nan labou, paske Ayiti aladriv anba men domestik ak mèsenè politik mafya entènasyonal la mete dirije ekonomi ak Gang yo pou mèt neyokoloni an.
Kidonk, gen nesite pou fòs pwogresis ki nan Mobilizasyon an chache ranfòse tèt yo anndan yon zouti politik demokratik laj ki dwe òganize batay la sou teren an otou revandikasyon fondamantal mas yo, pou pèmèt leve kanpe jeneral la kouvri tout peyi a. Ositou lide revandikasyon k ap travèse mobilizasyon popilè a dwe èksprime mèm preyokipasyon toupatou nan peyi a. Pou sa fèt, fòk tout òganizasyon ki nan batay kont mafya politik la ki mete Ayiti an otaj la, konekte youn ak lòt pou fasilite konsètasyon fèt anvan lansman modòd yo. Jodi a, se tout limanite k ap denonse mafya ki nan Core-Gwoup yo, toupatou yo pèdi kredi. Peyi a pa gen lespwa ke kriminèl sa yo pral chanje metòd pou sispann akonpaye Gang ak pouvwa mafya Aryèl Anri a ki gen misyon ride ameriken ak Core-Gwoup detwi peyi a. Donk tout patriyòt ki nan peyi a oblije asiste pèp la ki nan detrès. Li p ap travay, li pa ka manje, famin menase l, li nan ensekirite ak lavichè. Kolonyalis yo retire mas la, yo deklare pèp la lagè. Pwogresis yo pagen chwa, yo dwe akonpaye mas yo ki dwe antre nan yon kont atak san pran souf, anfas mafya entènasyonal la ak oligachi a ki deside fini ak tout popilasyon an pou rive ranmase richès peyi a.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!
Viv Inite Nan Rezistans Popilè a!
Libète ou Lanmò.
Vwa Rezistans Popilè No81
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 12 jen 2023.