2 jou aprè fòs espesyal etazinyen an te vin bonbade ak asasinen plis pase 100 sekirite Prezidan Maduro epi kidnape l ak madanm li, prezante douvan Tribinal nan eta Nouyòk , ayè lendi 5 janvye 2026 lan.
Okay, madi 6 janvye 2026
Lwen kamera, Prezidan Maduro ak madanm li, ligote parèt douvan jij distri Sid nan Nouyòk ak gwo akizasyon machann dwòg sou tèt Nicolas Maduro ak Cilia Flores.
« Mwen se Prezidan Venezwela, mwen kidnape nan peyi m Karakas. Mwen se yon prizonye lagè » deklare Prezidan Maduro douvan tribinal sa a. Maduro ak Flores di yo pa koupab.
Zak kidnaping Leta etazinyen an nan Repiblik Bolivar a vyole plizyè fwa règleman Nasyonzini an pou atak militè san mo Konsèy Sekirite Loni a, kidnaping yon Prezidan anfonksyon ak bonbade yon vil nan peyi Venezwela.
Nan deklasyon Anbasadè Venezwela a nan Nasyonzini an, li denonse debakman an epi mande liberasyon Prezidan Maduro ak madanm li Flores.
Li klè se pa okenn nakotrafikan ki dèyè Kidnaping Prezidan Maduro ak madanm li. Prezidan Trump di li dèyè byen l ki se fè bap piyanp sou rezèv petwòl peyi a kou yo te fè l sou rezèv lò peyi Ayiti a nan Bank Nasyonal peyi a nan dat 17 desanm 1914.
Nan dènye 72 èdtan sa yo, anpil peyi pa manke pa denonse zak teworis Leta Ameriken an, manifestasyon nan plizyè gwo vil nan mond lan, boule drapo ak zetwal la pou denonse kidnaping sa a epi mande pou Prezidan an retounen nan peyi l. Nan peyi Venezwela menm, plizyè milye Venezwelyen nan lari pou dezavwe zak kriminèl sa a.
Nan peyi Dayiti, pati RASIN Kan Pèp La bay pozisyon l sou Kidnaping administrasyon Trump lan sou prezidan konstitisyonèl la, Maduro.
« Viv souverènte ak otodetèminasyon pèp Venezyelyen an! yo ekri nan nòt sa a.
Antretan, Prezidan annapre a Delcy Rodriguez prete sèman douvan Asanble Nasyonal la kòm Prezidan Enterimè. Li jwenn gwo sipò fòs lame a kou plizyè peyi nan zòn nan tankou: Brezil, Kolonbi, Kiba, Chili. Apre sa gen alye istorik yo tankou Lachin, Larisi , ak Iran ki pote soutyen politik ak teknik yo bay gouvènman an.
Nan atak sa a kont prezidan Maduro, 32 sòlda Kiben ki te nan kò rapwoche Prezidan an, asasinen. Sa ki lakòz, revolisyon Kastwo a dekrete 2 jou dèy nasyonal 5 ak 6 janvye 2026 la pou onore memwa konbatan sa yo.
N ap raple se pa premye fwa peyi enperyalis yo ranvèse Prezidan sou pouvwa nan zòn Amerik Latin nan men se pa toutan bagay la byen fini. Nou ka pran kèk ka tankou :Hugo Chávez nan Lane 2002 te sibi yon Koudeta 48 èdtan apre gras ak mobilizasyon pèp Venezwela a ak lame a te retounen sou pouvwa a. Nan peyi Bolivi, Evo Morales nan lane 2019 sou presyon loksidan ki te itilize lame Bolivi a ak politisyen apatrid pou fòse l demisyone. Malgre opozisyon sa a peyi Etazini t ap sipòte te pran pouvwa a, nan menm eleksyon yo te òganize a pati politik Evo Morales la, MAS, te pral genyen eleksyon an san difikilte .
2016 nan peyi Brezil menm, aktè yo pral rive manniganse yon kou kote yo mete atè Dilma Roussef kòm Prezidan ki te soti nan Pati LULA ki se Pati Travayè (PT). Pou asire yo teren an lib, nan lane 2018, yo pral mete Lula nan prizon pou li pa kapab pote l kandida. Bolsonara genyen eleksyon yo. Aprè gwo batay jidisyè yo, Lula libere. Nan lane 2022 eleksyon fèt li repran pouvwa a.
Nan peyi Ajantin , apre 18 lane an ekzil, Juan Perón yo te fòse kite pouvwa a nan lane 1955 retounen epi genyen eleksyon an pou pòs prezidan.
Eske listwa pral repete apre gwo zak kidnaping sa a?
Max – Imbert Marcelin
RTM















