Anba Boulvèsman Ekonomik Mond Lan, Etazini Mande Aryèl Anri Aktive Gang Yo Pou Yon Eleksyon Bouyivide.

 

Nan mitan mafya entènasyonal la dlo a p ap koule fre. Toupatou anwo kòm anba, anpil moun leve kanpe pou goumen kont sistèm èksplwatasyon ki sou tèt peyi domine yo depi plizyè syèk. Soti nan lagè kwazad,  pase nan esklavaj ak kolonizasyon pou rive nan mondyalizasyon, pèp viktim yo toujou reziste sou divès fòm. Batay pou souverènte a atravè reklamasyon mond miltipolè a pa la lontan, men l ap fè chemen l. Mezi ki kòresponn ak  liy lide miltipolarite a koumanse ekzekite kèk kote, e l mete panik nan kan oksidan mafya a. Jeneralman kay peyi ki rich yo pagen anpil matyè premye ak resous natirèl, yo toujou itilize fòs k ap fè moun pè ak mannèv pou ranmase sa yo bezwen nan peyi domine yo. Miltipolarite a ki sanble ak yon van rebelyon kont piyaj peyi domine yo, deja ap charye yon koumansman boulvèsman nan aktivite peyi mafya yo. Pèlen yo te konn tann nan ekonomi ak finans mond lan gen trou ladan l, peyi kolonyalis yo ap bezwen tan ak mwayen pou tann lòt pelen pou fè zafè yo repedale.

 

Objektif koutèm batay enperyalis la kont pèp ayisyen jodi a, se rive remete mas popilè yo nan kanmizòl eleksyon chak 5 kan an, pou kanpay pwomès malatchonn yo pèmèt oligachi a fè tan pase tankou sa ap fèt toupatou. Nan sans sa, montedesann k ap fèt ak delegasyon sou delegasyon payas yo, gen misyon sonnen lanbi pou rasanble ajan domèstik sou teren an pou rantre nan pwopagann ki dwe branche pèp la sou yon eleksyon pikekole pou akonpli travay la. Konsa, anpil aferis trafikan politik k ap fè lajan nan pouvwa Gang lan, deja branche sou kanpay pwopagann, pou mennen pèp la nan yon eleksyon lòbèy pou respekte modòd anbasad yo. Pouvwa Gang PHTK/Aryèl Anri a kote pa l, gen lòd kontinye nouri Gang yo pou anpeche pèp la relanse mobilizasyon an. Sepandan konsekans eksè ak awogans ameriken nan eleksyon 2016 yo pou te mete Jovnèl sou pouvwa a, rete vivan nan lespri tout moun. Yo konprann klèman ale nan eleksyon anba kontwòl anbasad Core-Gwoup la ak Gang Milis yo ap kondwi toudwat nan menm seri nominasyon trafikan politik ak machann dwòg nan tout pòs enpòtan peyi a.

Yon lòt bò, konjonkti mond aktyèl la pouse Etazini mande oligachi lokal yo retounen nan epòk bòt fere nan sere boulon pèp depandan yo, pou l jwenn mwayen kenbe pwisans li. Se pou tèt sa nan moman,  ameriken yo ap itilize Gang ak tout lòt britalite pou yo pa kite bon eleksyon reyalize nan peyi dAyiti.  Yo toutouni, yo pa gen kredi moral pou ride yon ajan enperyalis pran pouvwa nan eleksyon lib, y ap toujou mete men yo nan san pou anpeche pèp la ba yo monnen pyès yo. Ak gwo boulvèsman politik ak ekonomik k ap brase bil lòd mondyal la, oksidan global la antre nan yon liy neyofachis pou tante refè tèt yo. Yo bay do ak tout fòm libète ak zafè demokrasi pèpè paske chans yo fini, se koken ki rete kòm zèl kat nan men yo:

  1. a) kote ekonomi; FMI ak Bank Mondyal ki tekonn bay ponya anfavè yo, pagen vwa ochapit okenn kote. Tout peyi emèjan ki gen mwayen prete lajan pou ta soutni aktivite yo, pran direksyon Bank Devlopman BRICS la, ki ofri meyè sèvis ke FMI ak Bank Mondyal tekonn bay yo, ak anpil avantaj.
  2. b) kote finans; Oksidan tekonn itilize ( lajan=monè dola nan echanj komès entènasyonal) kòm zam pou mete ekonomi lòt peyi yo opa, kote tout tranzaksyon entènasyonal te dwe fèt an dola. Lè sa a, peyi rich yo te kontwole mache entènasyonal la nan kadans pa yo, bloke komès peyi konkiran yo nan avantaj pa yo, vann bon trezò lakay yo, mete anpil papye biyè ansikilasyon pou gonfle dèt piblik yo jan yo vle paske peyi emèjan yo te oblije estoke dola pou fè komès. Jodi a, demach ki nan baz van miltipolarite a, anile ou limite tout avantaj bab ak moustach peyi kolonyalis yo te genyen an. Donk, peyi piyajè yo kondane pou vin viv nan otè vrè kapasite yo.
  3. c) kote politik; Lachin ak Larisi ap pran gwo enfliyans nan diplomasi kote moun wè Lachin tankou yon aktè k ap ride lapè vanse nan mond lan, tandiske imaj malveyans lan rete kole nan do tout peyi oksidantal yo. Donk baton an ap chanje bout, oksidan mafya a ap pèdi ejemoni l. Konsa, yo rantre nan yon jwèt tout tivis ak ponya yo pandye sou tèt tout peyi domine yo. Pèp ayisyen an avèti, li dwe òganize l plis toujou paske batay la fenk kòmanse.

 

Kidonk Etazini ak Linyon Ewopeyèn ap chache reyalize yon eleksyon pikekole an Ayiti pou nwaye mobilizasyon ak revandikasyon pèp la, nan yon moman kote van lespri mond miltipolè a ap soufle fò toupatou. Tout levye ki te pèmèt peyi kolonyalis yo kwaze pye yo sou lestomak peyi domine yo, menase fware youn apre lòt. Y ap pèdi kontwòl anpil mache k ap fè tranzaksyon nan lajan rejyonal yo, kote peyi yo pa bezwen anpil dola ak ewo pou fè kòmand. Peyi mafya yo vin gen mwens posiblite gonfle dèt piblik lakay yo ki tekonn pèmèt yo viv piwo pase sa yo vo( yo t ap pete piwo pase bounda yo). Maj espekilasyon anndan ekonomi sipèfisyèl la ap fè fon, kolonyalis yo pral chache pretèks pou kenbe plis peyi domine tankou Ayiti anba bòt yo. Se nan kontèks sa rankont Jamayik la ki te deja echwe alavans, te gen objektif ofri ameriken yo, yon nouvo posiblite pou Vis Prezidan Kamala Aris raple rèstavèk ki te reyini yo, ki wòl chak domestik dwe jwe sou teren politik la an Ayiti jodi a. Sepandan, youn nan eleman majè mèt neyokoloni an ak domèstik yo bliye nan pyès teyat la, sè ke ak sa ki pase pandan mouvman rezistans 2018 la nan peyi a, pèp la konprann li gen zèl kat pa l pou l jwe sou echikye politik la. Jodi a, menmsi espas demokratik la redwi nèt alkole nan peyi a, ak Gang yo ki jwenn lòd anbasad pou mache nan san pèp la, pwogresis yo dwe kontinye òganize tèt yo nan mitan mas popilè yo pou konstwi gwo Mouvman tèt ansanm nan sou lide konkrè. Yo dwe chache kouman pou pèp la jwenn manje, kouman pou l voye pitit li lekòl ak sa ki dwe fèt pou fanmiy li ak popilasyon an jwenn lasante. Lè sa a, diskou ak fo pwomès kolonyalis yo ap gen difikilte pou yo pase nan zòrèy popilasyon an, e pèp la ap anmezi òganize leve kanpe jeneral la, pou l libere peyi a anba dominasyon ak kalamite.

 

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, 19 jen 2023

Vwa Rezistans Popilè No82

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here