Ameriken P ap Konbat Gang! Mèsi Kanmenm Pou Nouvèl La, Troudo Pèp La Te Konnen l Deja.

 

Nan yon entèvyou sou Radyo ak Televizyon nan peyi Kanada, Premye Minis kanadyen Justin Troudo, deklare ke Kanada p ap pran tèt entèvansyon kont Ayiti a ankò, paske Etazini pa vle kolabore pou konbat Gang nan peyi dAyiti. Poutan, menmsi moun te deja sispèk ameriken kòm vrè patwon Gang yo sou teren an, radyo tradisyonèl yo, pa t fè bri ak nouvèl la paske pifò nan yo ap resevwa Sibvansyon ak Piblisite nan manmèl ONG ke sistèm mafya a simaye nan peyi a. Ajan vedèt k ap kondwi deba nan radyo payas yo, chwazi akize tigang dèyèmanman k ap egzekite lòd, san chache konnen vrè patwon ki kache dèyè rido pou pase modòd yo, tankou chat te pran lang jounalis sa yo, lè Misyon Dwamoun nan Nasyonzini te akize Etazini kòm peyi k ap ame Gang an Ayiti paske yo tout, se ajan enperyalis. Deklarasyon Troudo a ki gen valè yon denonsyasyon, montre kouman mobilizasyon pèp la sou teren an kòm nan dyaspora rive kreye ti dife volan nan mitan piyajè yo. Se pou tèt sa, l ap gen yon moman nan lit la si Mouvman Rezistans lan kontinye òganize l pou denonse asasen yo, l ap jwenn posiblite louvri brèch nan ti kontradiksyon ki egziste nan mitan ekip mafya a, pou l fè koz liberasyon peyi a vanse.

 

Depi prèske 600 lane yon gwoup peyi Ewopeyen, poze lapat sou teritwa ki nan Amerik la ak tout richès ki nan kontinan an. Tan ale tan vini, ekip ki nan tèt mouvman dappiyanp lan ap chanje majòjon, men objektif la rete tennfas. Evènman ki te akonpaye moman endepandans peyi amerik yo, te fasilite ameriken yo pran kontwòl politik piyaj la nan men kolonyalis ewopeyen yo pandan 19èm syèk la. Fen 2èm gè mondyal la ki te konsakre ejemoni total Etazini sou kontinan an, pral ride ameriken yo ranfòse pozisyon yo sou kontwòl richès tout kontinan. Ositou, dechèpiyè ameriken yo te koumanse pike Ayiti depi 17 desanm 1914, lè Merins ameriken te debake Pòtoprens, antre nan Bank Santral, pou vòlè tout rezèv lò peyi a ak tout lòt lajan ki te nan Bank Santral la.

An 1915, yo anvayi Ayiti pou pran kontwòl DGI, Finans ak Dwann peyi a kote yo fè yon jesyon katastwòf anndan Leta. Yo endwi koken nan eleksyon nan peyi a, tankou ekriven ayisyen Jan Praymas te rakonte sa nan yon liv, kote l montre kantite twou ki nan manch ameriken yo nan zafè elektoral. Apre anpil tantativ mètdam ki te echwe,  ameriken te  rann tèt yo kont, malgre volonte yo te genyen pou fè bagay ki sal, moral pèp ayisyen an te anpeche l akonpaye yo nan labou a. Yo te oblije chwazi bloke koze eleksyon nan peyi a pandan 12 lane, soti 1918 pou rive 1930. Donk, deklarasyon Troudo a paka fè n sezi, paske moralite pat janm nan ADN ameriken yo vizavi Ayiti depi 19èm syèk la. Jodi a, Etazini ap kondwi yon gwoup peyi oksidantal ki konstitye tèt yo nan yon mafya politik ak ekonomik, k ap mache reklame tout richès anba tè peyi depandan yo, pou pwòp tèt pa yo. Mannèv ak vyolans yo itilize pou akapare richès sa yo, plase ameriken ak akolit li yo toutouni nan je lemond antye. Ositou depi 2001, kriminèl yo mete Ayiti nan lis peyi pou yo destabilize, piye ak demantibile. Jounen jodi a Gang yo fè yon gwo pati nan travay la pou enperyalis la. Sepandan, pou finalize l, Etazini pwopoze voye fòs militè pou vin asire enterè l sou teren an, nan bloke mouvman revandikasyon pèp ayisyen an.

 

Kidonk, deklarasyon Premye Minis kanadyen an pa yon bagay nouvo nan zòrèy mas popilè yo, men l gen enpòtans li lè l vin konfime pou tout moun ke se Ameriken yo ki mèt Gang yo. Pandan gwo mobilizasyon popilè 2018 yo ki te vize kapote Jovnèl la, Prezidan DonaldTrump te sonje voye mèsenè ak zam nan peyi a, pou antrene Gang, ame yo pou simen dezagreman an Ayiti. Kòm zak sabotaj yo antre nan yon plan global ameriken ak akolit li yo ki nan kan mafya entènasyonal la pou destabilize Ayiti, Biden swiv san manke anyen liy kriminèl Trump t ap egzekite nan peyi a.

Se depi mwa dawout 2001, Etazini ak Linyon Ewopeyèn te deside nan rankont Otawa a (Kanada), pou mete Ayiti nan lis peyi kote yo dwe deplwaye Gang pou demoli pèp la, demantibile tout strikti sosyete a pou yo rive pran kontwòl total richès Ayiti, menmjan reyinyon sa a te deside sò 17 lòt peyi an Afrik, 5 nan amerik latin ak anpil lòt nan mwayen- oryen ki te dwe destabilize, piye e demantle. Sepandan, si Mouvman Rezistans nan Amerik Latin, an Afrik ak nan mwayen-oryen rive bloke kriminèl yo, an Ayiti asosyasyon mafya a vale anpil teren. Yo rive enplante nan peyi a, Gang akote yon pouvwa mafya k ap mete pèp la nan gwo difikilte. Se pou tèt sa, pwogresis yo dwe fè jefò pou antre nan òganize mas yo toupatou nan peyi a nan gwo mouvman Rezistans lan otou souverènte peyi dAyiti. Konsa, fòs Rezistans yo pa dwe neglije denonse enperyalis la tout kote nan tout peyi pou al chache solidarite lòt pèp yo nan tout kontinan, sitou nan mitan pèp ki an Afrik yo. Jodi a kriminèl yo toutouni, mobilizasyon pèp la dwe pwofite pou l demaske vizaj yo totalman.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Mouvman Rezistans Lan Pou Souverènte Peyi a!

Libète ou Lanmò.

Vwa Rezistans Popilè No74

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 24 avril 2023.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here