Yon semèn aprè sit – in anseyan yo, bloke pòt BDS, kounya se elèv ki nan 2 Lise komin Okay la ki anpeche Direksyon Edikasyon Nasyonal la fonksyone daprè konsta radyo tele Montagna.
Okay, jedi 20 fevriye 2025
Mouvman grèv anseyan yo ap kontinye nan Depatman Sid la kou nan rès peyi a. Sa ki lakòz elèv nan lekòl piblik yo depi lansman mouvman grèv manch long sa, mobilizasyon yo pran divès fòm pou apiye anseyan yo epi denonse Ministè Edikasyon an ki pa fè sa l gen poul fè pou rive kanpe grèv anseri sa yo ki pa sispann repete nan sistèm lan.
Elèv yo di, se pa peye yo pa peye lekòl la ak pil taks Leta pran nan men yo kou nan men paran yo. Se pou reponsab yo aranje yo pou fini ajamè ak pratik sa nan peye pwofesè yo kòmsadwa. Tank pwofesè yo mal touche oubyen sa y ap touche a pa reponn se tank yap denonse ak bat chalbare dèyè yo.
Yo pa t manke pa rale revandikasyon yo, kote yo mande pou yo aprann nan yon anviwonnman adekwa nan jwenn liv, yon pla cho, epi yo bezwen anseyan yo retounen nan sal klas yo. Yo te tou pwofite voye yon delè 8 jou bay responsab MENFP yo pou rezoud pwoblèm sa sinon yo ap pase pètibe fonksyonman lòt etablisman eskolè yo.
Depi 6 janvye 2025 pase a, kou yo kanpe nan lekòl piblik yo nan peyi a. Avantaj sosyal, ajisteman salè, regilarize anseyan yo nan ba yo lèt nominasyon, materyèl travay , kantin pou elèv yo, se revandikasyon grevis yo. Gen gwo lajan pou satisfè revandikasyon grevis yo men Fon Nasyonal Edikasyon an ap banbile nan lòt pwojè bidon gagotaj. Òganizasyon sendikal rejyonal kou nasyonal kanpe fèm dèyè pozisyon yo tankou jandam.
Yon lòt kote , ansyen minis defakto Edikasyon Nasyonal la, Josué Agénor Cadet ta dwe , Vandredi 21 fevriye 2025 lan douvan jij enstriksyon sou koze koripsyon nan Pwogram Nasyonal Kantine Eskolè (PNKE- PNCS) kote ansyen responsab la Phanèse Laguerre deja jwenn arestasyon l pou detounen lajan piblik depi 31 janvye 2025 pase a selon rapò ULCC .
Plis pase 50 jou kanpe travay nan sektè edikatif piblik la, si Leta te responsab, li t ap mobilize tout resous li pou jwenn yon antant ak grevis yo. Men Kòm kantite lekòl nasyonal kou lise sa yo neglijab nan sistèm edikatif Ayisyen an, zafè depi lekòl prive ap fonksyone, pa gen sousi.
Maks -Enmbèr Marslen
RTM