Aken- Ayiti-. Yon jounen mobilizasyon reyisi nan Komin Aken, Depatman Sid.

Okay, 12 dawou 2022

Wout Nasyonal nimewo 2 a nan plizyè lokalite bloke yon bò, plizyè santèn moun manifeste yon lòt bò sou demand Mouvman Rezistans pou Devlopman ak Byennèt nan Aken (MOREDBA) pandan jounen vandredi 12 dawou 2022 a pou denonse move lavi, daprè konsta radyo Montagna.

Rasanble douvan simityè Aken an nan ri Kristòf, aprè seremoni mistik la, plizyè santèn sitwayen ki soti lokalite Moriso, Monsejou, sou Wòch, Janjak, sant vil la pran lari a.  Ak asyèt, bòl vid, kiyè, bandwòl, pankat ladan yo nou ka li: « Aba ensekirite», « Aba lavichè, Leta pran responsablite w, fikse pri manje », « Nou grangou, nou paka manje. Kolangyèt manman Leta », « Nou bouke anba imilyasyon lòt nasyon, anba boujwa Ayisyen, Fòk Matisan Debloke », « Pèp la di li Bouke »…  ak animasyon yon bann rara, jenn fanm, jenn gason, grandèt detèmine ap rele anmwey kont ensekirite, grangou, kidnaping, lavichè…

Nan jounen « Mobilizasyon Wouj » sa a, daprè kèk sitwayen, batay la se pou tout moun k ap soufri. Si gen pou youn dwe gen pou tout. Jan sitiyasyon an ap deplòtonnen la si mas yo pa pote kole nan pouse kabwèt enjistis la nan falèz se yo k ap kontinye disparèt. Bòt yo lase pou yo kontinye reponn ak tout lòt randevou ki vize deboulonnen mòd leta eksklizif sa a jouk nan chouk.

 

Maks – Enmbèr Marslen

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here