Ayiti-Anviwonman:  Malgre demand fòmèl Ministè Anviwonman ak Meri Okay pou kanpe konstriksyon Izin vetivè ADHASA OIL nan Bejo/Sanon, konstriksyon an ap  kontinye fè wout li san enkyetid.

 

Okay, 31 jiyè 2022

Direktè Depatmantal Sid Anviwonman an, Jean-Marc CHERISIER nan yon korespondans ki pote dat 18 jiyè 2022 ak Marie Michelle Sylvie RAMEAU ki se Prezidan Komisyon Minisipal vil Okay nan yon lòt korespondans ki pote dat 22 jiyè 2022 ekri ak komisè Gouvènman Jiridiksyon okay la, Me Ronald RICHEMOND pou mande li  pran mezi pou kanpe  konstriksyon izin vetivè konapyi ADHASA OIL ap enplante nan lokalite Sanon/Bèjo. Desizyon sa pran apre denonsyasyon plizyè abitan nan zòn lan ki denonse enpak izin sa pral gen sou lavi yo ak anviwonman an.

 

« Parapò ak enpak negatif enplantasyon izin sa ka gen sou kominote a ,nou jije nou te evalye enpak yo ak lejète, nan sans sa a nou mete anveyez pèmi non objeksyon anviwonmantal ministè a te bay ak konapyi a jiskaske nou reevalye enpak yo ». Sa a se motif lèt Minis Anviwonman twazyèm vèsyon PHTK a, James CADET te adrese ak Direktè Jeneral antrepriz ADHASA OIL, Donald MEDARD, nan dat 11 jiyè 2022, pou anonse l ministè l ap dirije retire pèmi non objeksyon anviwonmantal yo te akòde l pou enplante izin sa a nan kominote Sanon/Bèjo, yon distans mwens 500 mèt ak Jaden Botanik Okay la.

 

Konbit Ekolojis Sid (KES), yon òganizasyon anviwonmantal nan depatman an ak divès abitan nan zòn lan pa sispann denonse enplantasyon izin sa a nan Sanon ki se yon zòn rezidansyèl. Pou yo se yon gwo menas pou lavi yo ak anviwonman an  sitou Jaden Botanik la ki se non sèlman yon patrimwann men tou poumon vil la.

 

Malgre tout denonsyasyon ak mezi ki pran yo, responsab izin yo kontinye vanse san krent anba je Komisè Gouvènman jiridiksyon Okay la ki pa janm aji malgre demach Ministè Anviwonman an ak Meri Okay la fè bò kote li. Responsab KES yo ap mande tèt yo si se pa kout mal taye k ap fèt nan dosye a ki lakòz lejète sa a bò kote pakè Okay la.

 

N ap raple pou yon antrepriz tabli yon kote, se Ministè Anviwonman atravè Biwo Nasyonal Evalyasyon Anviwonmantal (BNEE) ki dwe ale nan espas la pou fè evalyasyon epi bay avi faworab ou defavorab. Kesyon k ap poze eske nan ka antrepriz ADHASA OIL BNEE te jwe wòl sa vre oubyen eske genyen yon bagay louch nan dosye a ki fè responsab izin lan kontinye ap vanse san gade dèyè  malgre demach ministè anviwonman te tanmen? Lameri ki dwe bay otorizasyon pou konstriksyon di nan lèt li a, li pa bay pèmi pou izin nan  etabli, pouki lameri pa jwe wòl li yo kòmsadwa ?

 

Menm jan ak divès vil nan peyi a, nan Okay ponp gaz, estasyon pwopàn, izin vetivè blayi toupatou san okenn plan enpak anviwonmantal. Sa ki ap ògmante polisyon ak koze gwo dega sou lavi popilasyon an. Malgre tout denonsyasyon ak sansibilizasyon ki fèt pou reglemante koze a, ni responsab antrepriz yo ni otorite nan Leta a bouche zòrèy yo.

 

Pou kounye a tout je brake sou pakè Okay la pou gade konbyen tan ankò Komisè ap tann pou bay repons ak demand Ministè Anviwonman ak Lameri te adrese ak li pandan kominote a kontinye sou kote pa li ap jwe wòl vijil li .

 

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here