Ayiti-Enpinite: Dosye asasinay Antoinette Duclaire ak Diego Charles senbòl yon jistis konplis.
Ayiti, 29 jen 2022-. Yon lane aprè asasen san fwa ni lwa fin pote ale lavi Antoinette Duclair militan politik, feminis ak konfrè jounalis Diego Charles nan lannwit 30 jen 2021 nan Ri Akasya, zòn Kriswa, zanmi, fanmi ak tout rès sosyete a toujou ap tann jistis.
Plizyè òganizasyon nan mouvman sosyal Ayisyen an pami yo kèk òganizasyon fanm rann omaj ak mande jistis pou Antoinette Duclaire aka Netty ak Diego Charles jounen mèkredi 29 jen 2022 a yon jou avan 30 jen 2022 a ki pral make yon lane jou pou jou kote bandi te louvri kout bal sou pòt pawòl Matris Liberasyon an ak jounalis radyo Vizyon 2000 lan. Zak sila te komèt kèk minit aprè yon gwo masak te fin fèt nan Dèlma 32 kote plis pase yon dizèn moun te pèdi lavi yo anba bal moun yo pa t idantifye ki te anvayi zòn nan. Rezo nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH), Nègès Mawon, Nou Pap Dòmi ak Marijàn se ansanm òganizasyon ki te pran inisyativ pou ògnize jounen sa a ki batize moman kontanplasyon, yon manyè pou onore angajman Netty te genyen nan batay pou byennèt kolektif la.
Plizyè militan te prezan nan lokal òganizasyon Marijàn, Riyèl Rivyè, pou vin pote solidarite yo ak inisyativ la tankou : Guy Numa pou Konbit la, Vanessa Jeudi pou òganizasyon Feminis Dantò, Antonio Cheramy ak Armand Jules Matris Liberasyon…
Yon lane apre Lajis peyi Dayiti konfime li se yon jistis sinik, yon jistis kontwole. Plis pase 20 moun pèdi lavi yo nan yon kondisyon parèy ni lapolis ni lajistis ni otorite nan gouvènman an, yo pa janm di yon mo sou ki kote ankèt sou masak sa ye. Yon lane apre, lajistis montre klèman kouman bandi k ap simen laterè nan peyi a gen gwo pwoteksyon , anyen pa p rive yo. Yon lane aprè, fanmi, zanmi viktim yo , sosyete a ap tann pou konnen kiyès ki touye yo, poukisa yo fè zak sa a ?
Lanmò Netty ak Diego plis lòt moun ki mouri nan masak sa a fè gwo enpak nan mitan popilasyon an. Malgre angajman Netty nan batay pou yon lavi miyò nan peyi a mete sou pil lòt moun sa yo ki te asasinen nan sware nwa sa a, prezidan nan epòk la pa t janm pwononse l sou zak sila a. Se kòmsidire se te yon gwoup zannimo sovaj yo te abat.
Yon semèn apre masak Delma a, prezidan PHTK dezyèm vèsyon an, Jovenel Moïse ki pa t menm fè twit pou l te denonse sa ki te pase a, asasinen andedan lakay li. Zak kriminèl sa a vin ajoute l nan menm lis ak sila yo k ap tann jistis. Ankèt sou lanmò prezidan defakto a, antre nan menm lis ak Nettty, Diego, Jean Léopold Dominique, Grégory Saint-Hilaire, batonye Dorval kou pil lòt ki pati pandan masak nan katye popilè yo.
Franndy Lesperance
RTM