Ayiti-Jistis: Kondisyon prizonye yo nan prizon sivil Okay la se yon Lanfè.
Nan yon konferans pou laprès chèf pakè jiridiksyon Okay la, mèt Ronald Richemond bay nan biwo l, madi 21 jen 2022 a, deklare se chak jou prizonye ap mouri nan dènye jou sa yo nan prizon sivil Okay la.
Okay, 23 Jen 2022
San bay plis detay nan ki entèval sitiyasyon sa a koumanse nan prizon sivil Okay la, chèf prizon an di se grangou, chalè ak kantite moun ki nan selil yo ki depase ki lakòz plis pase 8 moun mouri nan prizon sivil la. Daprè jal Komisè Ronald Richemond,se plis pase 900 prizonye ki nan anviwonnman sa a epi se 80 moun ki kwense nan chak selil. Menmsi kantite selil yo redui paske tranblemantè 14 dawou 2021 pase a te andomaje kèk ak mi prizon an ki pako janm leve- 10 mwa aprè- pa ta dwe fè sitwayen sa yo pa gen posiblite pou pran lèz yo nan lakou a.
Pou reponsab òganizasyon dwa moun lokal la, Rezo Sid pou Defann Dwazimen yo (RSDDH) ki reponn kesyon RTM, di pwoblèm sa a pa date lajounen jodi. Sitiyasyon an fè pwèl. Pou mèt Yonel Myrtil gen 3 gwo pwoblèm nou dwe manyen: Espas, Manje, Swen medikal. Prizon an pa t kontwi pou resevwa kantite moun sa yo. 800/900 moun nan yon prizon ki gen 14 selil anplis se prizonye ki sot nan 3 jiridiksyon: Okay , Koto ak Aken Ki ladan l paske yo pa gen prizon, se iresponsab. Òganizasyon l ap dirije a te ekri DAP pou te mande afè pou prizonye yo se nan bokit y ap fè bezwen yo epi manje nan menm selil yo, sitiyasyon sa a deplorab. Pou kesyon swen sante, prizon an gen yon espas ki pote non dispansè. Li gen dòktè ak enfimyè ladan l men se non an li pote. Pa gen entran medikal. Se kòmsi pèsonèl sa yo se prezans yo vin bay. Nan epòk RSDDH te konn gen pwogram pou ede kèk prizonye nan kesyon maladi, li te konn ranpli kèk preskripsyon pou yo. Pou kesyon lamanjay la menm, se matonton pwoblèm lan. Sa menm se pa jodi a sa la. Prizonye yo pa t janm ka manje yon manje ekilibre, ni jwenn ase nan plat yo. Misyon Leta a, se pwoteje lavi poutan aktè yo nan Leta ap demounize yo.
Pou ka prizonye k ap mouri yo, selon enfòmasyon mèt Myrtil genyen pou pi piti 9 moun deja mouri pou mwa jen 2022 a ki pako fini an. Militan dwa moun lan mande tèt li Kouman pou sitwayen sa yo fè pa mouri nan kondisyon sa yo. Se 80 moun ki nan yon pyès. Lane pase nan menm epòk sa a – jiyè 2021 se 10 ki te mouri nan mwa sa a. Anpil nan prizonye sa yo te antre byen dyanm men anviwonnman prizon an lakòz yo atrape maladi kontajez : gratèl, tibèkilòz …
Daprè kèk militan avoka, otorite yo nan jiridiksyon yo montre lavi viktim sosyal sa yo pa vle di anyen. Pou pwofesyonèl sa yo, wòl Dwayen Tribinal la kou komisè jiridiksyon Okay la klè: pase nan prizon sivil la nan yon frekans regilye- yon fwa pa mwa pou pi piti- se sou lòd komisè yo detni sa yo antre kou pou soti nan prizon an. Anfèt kle prizon jiridiksyon Okay la se nan men jal komisè Richemond li ye, valè moun ki te dwe deyò ak desizyon jistis nan men yo pa rive jwenn libète yo, elatriye. Zorèy chèf la sanble bouche. Li pa tande kri kèk ansyen detni ki pa sispann denonse eta lamantab prizon sivil Okay la. Eske se jwenn Ii pa jwenn rapò òganizasyon dwa moun nan rejyon an: RSDDH, UFADESCH kou kèk avoka militan k ap rele anmwe pou jan sitwayen sa yo mase san selil sa yo ak kondisyon alimantè kou sanitè a ki pa reponn?
Daprè kèk militan avoka, si sistèm jistis la t ap mache, komisè gouvènman an pa t janm vin deresponsabilize l nan mikwo laprès. Si sosyete sivil la te genyen fòs, li ta dwe egzije pou lajis jouke jal komisè a pou mankman l.
Prizon sivil la gen 859 detni poutan li te konstwi pou 70 prizonye. Li gen 724 gason nan depo, 88 kondane. Li gen 19 fanm nan depo, okenn pa kondane. Li gen 27 minè gason nan depo, yon timinè fi nan depo. Donk li gen 771 moun nan depo ak 88 kandane. Dènye moun ki mouri nan prizon an se Tersono Raguste, li te gen 25 lane. Li mouri mèkredi 22 jen 2022 daprè « Union des Formateurs-Animateurs du Sud en Éducation (UFADESCH) ».
Lè prizonye yo pa atake ak epidemi gratèl, gal, enfeksyon, se chalè epi manje yo pa jwenn ase ki touye yo nan prizon sivil Okay la. Andedan kou deyò prizon sivil nan 18 jiridiksyon peyi a lavi malere yo bouyi menm jan.
Maks – Enmbèr Marslen