Ayiti-Jistis: Yon Kabinè Avoka   mande majistra enterimè Komin Dèlma a bloke aktivite fòmasyon pastè Amel Lafleur pou mwa jiyè 2022 a.

Okay, 19 jen 2022

Nan yon nòt Kabinè Expertus Firme d’Avocat k ap defann Stéphanie Jean Pierre fas ak  pastè Amel Lafleur pibliye sou paj Fesbouk li ki pote dat 15 jen 2022 a, Mèt Emmanuel Jeanty ak youn nan prensipal konsè yo, Mèt Stéphanie Jean Pierre, mande prezidan Komisyon prezidansyèl kominal Delma a , Wilson Jeudy, pran yon arete minisipal pou entèdi dewoulman seminè sou « Edikasyon Seksyèl » pastè a ak tout misyon l ap dirije a prevwa reyalize nan komin lan jou k ap 16 jiyè 2022 a sou tèm : kouman fè Edikasyon seksyèl timoun.

Mèt Jean Pierre te pote plent kont pastè Amel ak akolit li Michaël Jean Lissaint paske yo ta abize l seksyèlman soti laj 16 lane jouk li rive nan laj 19 lane. Viktim lan pase 3 lane ap sibi eksplwatasyon seksyèl nan men mesye yo ki t ap dirije legliz « De Dieu Indépendante de la porte étroite », ki te twouve li nan Delma 19. Nan deklarasyon mèt/!avoka a te fè devan jij enstriksyon Jeudilien Fanfan ki t ap tande dosye a fè konnen pastè Amel te vyole l depi premye jou li te rive a. Sitiyasyon sa a te rive nan moman kote pou pastè a Stephanie Jean Pierre ki te tijenn demwazèl ta posede e pral pase 36 mwa ap sibi vyolans fizik ak seksyèl sou pretèks y ap chase demon nan tèt li apre yon antant ant pastè a ak paran viktim nan ki te vle jwenn solisyon pou pitit yo.

Pwosè a devan lajistis depi lane 2009 paske pastè a pou viktim lan ak plizyè obsèvatè gen gwo bwa dèyè bannann li ki lakòz dosye a toujou ap patinen menmsi nan plizyè odyans ki fèt akize yo parèt klèman an difikilte.

Nan òdonans jij Jeudilien Fanfan te rann nan kad dosye a li dekalre gen tout mwayen pou pouswiv pastè Amel Lafleur ak Michaël Jean Lissaint pou detounman minè, agresyon seksyèl ak zak pedofil. Li mande pou mesye yo al jije devan tribinal kriminèl sans asistans jiri jan atik 300 kòd penal la mande sa. Malgre sa jiska jounen jodia dosye a ap pwonmennen nan trip pouri sistèm jidisyè ayisyen an ki an dekopzisyon.

Afich ki anonse seminè fòmasyon  pastè Amel Lafleur a pa sispann kreye gwo tole sou rezososyal yo. Anpil moun panse se yon derespektan lè yo konsidere kalite gwo akizasyon pastè a gen sou do li kòm moun k ap vyole timoun pou li gen odas ap fè ediasyon seksyèl moun. Se poutèt sa kabinè a mande majistra Dèlma a pou evite vyolans ak derapaj fèt nan komin lan, pran prese prese yon arete kominal pou entèdi aktivite sila a.

 

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here