Ayiti-Ensekirite : Debloke Matisan nan 15 jou, yon pawòl zèfèyis pou kontinye pase pèp la nan betiz.
16 jou aprè gwo delegasyon 3 minis gouvènman defakto yon sèl tèt la ak Ariel Henry kòm sèl chèf te debake nan Vil Okay pou te pwomèt yo pral debloke Matisan nan 15 jou, anyen pa chanje. Popilasyon an kontinye ap viktim anba men bandi yo.
Okay 17 jen 2022
Nan delegasyon 30 me 2022 a, te gen minis Enteryè a Litz Quitel , Minis Komès la Berto Dorcé ak minis anviwonnman an, James Cadet te rann yo nan depatman Sid pou te rankontre chanm Komès Sid, komèsan ak sendikalis ki te fè pati gwoup moun ki te pran inisyativ pou lanse mouvman « Lari Blanch » la, yon fason pou te jwenn yon akò pou te kanpe inisyativ sa a.https://radiotelemontagna.com/ayiti-grev-pot-plizye-enstitisyon-piblik-eskole-ak-plizye-magazen-rete-femen-maten-premye-jen-an-nan-vil-okay-malgre-inisyate-yo-te-repote-mouvman-grev-la-kek-edtan-anvan/
Delagasyon gouvènman an pou anpil obsèvatè soti gayan nan diskisyon yo, lè inisyatè mouvman « Lari blanch pou debloke matisan » yo te pral akòde yon dèle 15 jou ak gouvènman PHTK 3e vèsyon an pou rezoud pwoblèm matisan an. Yon aksyon ki pa diferan ak plizyè lòt tankou monte priz gaz, ogmantasyon salè ouvriye, Peyi Lòk pou site sa yo sèlman. Touswit apre gwo popilasyon an an te pral di mesyedam yo vann mouvman an.https://radiotelemontagna.com/ayiti-grev-kout-gidon-nan-mouvman-grev-komesan-gran-sid-yo-ak-sendika-apch-la/
Minis komès la ki pale sou yon radyo nan kapital la , apre akò sa a te konfòtab pou di se inisyatè mouvman leve kanpe a ki te wè nesesite pou akòde yo yon tan paske pwoblèm nan paka rezoud nan yon jou.
Premye jen 2022 ki sot pase a fè 12 mwa depi blok Matisan sou kontwòl eskadwon lanmò yo. Yo kidnape, fouye, brake, sezi kamyon, machin, fè kadejak, touye sitwayen yo, elatriye. Sitwayen yo paka sikile jan yo ta vle nan peyi a. Bò kote Komèsan yo menm gen plizyè ki antre nan konivans ak bandi yo pou kamyon machandiz yo ka pase kou konpayi transpò modèn yo ki lakòz yon ogmantasyon 75% sou pri diferan kous yo yon fason pou peye bandi yo. Sityasyon sa a vin mete popilasyon 4 depatman yo nan gwo pwoblèm lavichè ak grangou paske moun ak machandiz paka sikile.https://radiotelemontagna.com/ensekirite-pwotestasyon-yon-mouvman-grev-anplis-nan-gran-sid-peyi-a-pou-pouse-responsab-yo-debloke-matisan/
2 semenn apre, bandi yo pa chome. Moun ki gen ijans pou ale nan Gransid la kontinye swa pran avyon oubyen pran wout pa bwa. 15 jou apre silans konplis sektè ki te negosye sou do popilasyon viktim lan pa janm rache yon mo paske pou anpil moun yo gen zèb nan bouch yo. Semèn pase a youn nan gwoup gang Matisan yo kidnape 36 moun nan 2 tibis ki asire transpò pòtorens Miragwan. Lapolis, Premye minis defakto Ariel Henry , Minis enteryè pa janm sispann bay dat pou trake bandi men jiskaprezan se bandi yo k ap pran teren.
Dènye jou sa yo, Pakè ak Tribinal Premye Enstans Pòtoprens lan tounen syèj kote bandi yo tabli baz yo apre yo te fin kase l, pote ale tout sa yo jwenn sou pasaj yo. Komisè Gouvènman Pòtoprens lan pa yon fwa pa pwononse l sou zak banditis, kidnaping k ap fè aktyalite nan Depatman Lwès la. Pou anpil moun Komisè Jacques Lafontant pa ta dwe nan plas sa a paske pou yo li p ap regle anyen. Pandanstan nan jiridiksyon toukou Nip ak Sid gen gwo jefò k ap fèt pou kwape gang ame k ap simen laterè malgre souvan gen kèk repwòch ki fèt sou fason aksyon yo ap opere.
Sityasyon sa a montre aklè 15 jou ki te pale a se te pawòl pou woule popilasyon an nan farin pandan gwo sektè yo kontinye ap fonksyone tèt a tèt ak bandi yo san okenn difikilte.
Franndy Lesperance