Mèkredi 8 jen 2022 a, bò 10 konsa nan maten, komisè gouvènman Okay la nan yon konferans pou lapwès lonje dwèt son yon polisye ki ta asasinen Gregory Oscar ak 3 bal ladan yo 2 nan tèt.
Okay 9 jen 2022-. Komisè gouvènman Vil Okay la, Ronald Richemond, nan kad yon konferans li t ap bay sou ensidan grav ki pase nan vil Okay nan apremidi 7 jen 2021 an kote yon jenn gason mouri anba bal apre li te kouri pou yon gwoup moun ki te vle lapide l fè konnen , viktim lan, Grégory Oscar te al vizite yon tèren li te achte nan zòn Charye komin Okay kote lòt moun monte sou li. Rive sou plas ta sanble moun yo te okouran li t ap vini nan espas la, tann yon pièj pou li.
Pou jal Komisè a, se yon egzekisyon. Se yon konplo. Paske dosye konfli tè sa a douvan lajistis. Li site non 2 avoka ladan yo Abi Fab, yon pwoteje sistèm jistis la, ki ta antremele nan konfli tè sa a ki lakòz Gregory pèdi lavi l.
Daprè enfòmasyon yo, se depi nan zòn charye vire antre Simon, file andedan Charpantye, desanm sou Boulva a viktim lan ap kouri pou sove pò l ak yon latriye moto k ap rele dèyè l men yon bandi ki sot Matisan ba li sa li merite. Pou kèk obsèvatè, ki kote lapolis te ye? 7 jen sa a lapolis te make prezans li, jouk direktè a, Daniel Compere te nan manifestasyon an pou di “Okay p ap tounen Matisan”, “komisè a p ap fè wonn pòt” jan fanatik li yo t ap di sa. Lontan lè yon sitwayen ki andanje wè yon polisye, li ta dwe santi l rasire men nan ka sitwayen Oscar se kontrè a ki fèt.
Konfli tè pa la ayè nan Depatman Sid la, komin Okay anpatikilye. Men sa vin pi grav aprè Richard Lénine Hervé Fourcand ,selon yon rapò RNDDH , yon òganis k ap defann dwa moun, te peye bandi nan dat 8 desanm 2011 pou boule plizyè enstitisyon nan vil la tankou DGI ak Palè jistis pou te plase rejim phtk premye vèsyon an sou pouvwa a. Kòm kadas vil la ( memwa l) pase anba flanm dife, rezo vòlè tè yo ki genyen jij, komisè, notè, apantè, avoka, lotisè, demachè ak politisyen antre nan aktivite louch k ap kidnape byen moun nan fè fo papye tè. Menm lè ou te byen achte, menm lè ou monte pyès kay ou, sa pa sifi pou rezo malfra sa yo voye moun vin reklame l. Sitiyasyon sa a lakòz, kòm lajistis ap dodomeya, se chak jou viktim yo pran wout plizyè emisyon deba sosyal ak politik pou vin mete pwoblèm yo sou plas piblik.
Malgré gwo denonsyasyon sa yo, otorite yo nan lajistis rejyon an pa janm lanse yon envitasyon dèyè vòlè tè yo e si sa ta fèt se te pou maske levidans. Paske depi anvan manda a deyò, konsène yo te gentan okouran tèlman yo byen branche lakòz yo pa rive jouke vòlè yo ki gentan mete rechany mawon yo sou yo.
Si sistèm lajistis ta arete vòlè tè yo, yo vit libere paske yo gen gwo mwayen oubyen yo gen gwo kore politik dèyè do. Monte estriki, -Brigade d’intervention Contre l’Insécurité Froncière (BRICIF)- fè woumble anyen sanble pako enkyete bandi yo k ap fonksyone anba wòb nwa enpinite a. Si paketye yo t ap jwe wòl yo kòm defansè sosyete a anpil bagay t ap epanye.
Nan dènye semenn sa yo, rele yon moun “Nèg oubyen fanm Matisan” se yon jouman, yon betiz. Rele yon endividi konsa sifi pou yo atake l akòz sitwayen yo swaf sitiyasyon Matisan an fini vin jwenn yo tande 2 komisè nan 18 jiridiksyon peyi a Okay ak Nip ki pa sispann di jiridiksyon pa yo ap simityè pou tout bandi ki soti Matisan. Pawòl sa a alimante anpil sitwayen atoufè, ba yo chan lib pou atake e menm mete fen nan lavi pezib sitwayen kou eskadwon lanmò mòd Leta a pa sispann mete dlo nan je sitwayen yo. Jouk kote nou ap pale la, okenn moun pako ap reflechi nan prizon pou remonte ak lotè zak kriminèl sa a.
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)