Ayiti-Grèv-. Kout gidon nan mouvman grèv komèsan Gran Sid yo ak sendika APCH la.

Okay, 31 me 2022: Kout teyat. Kèk èdtan anvan mouvman Lari blanch ki te prevwa demare mèkredi premye jen 2022 a, bò minwit nan 4 depatman ki nan gran Sid la repòte.https://radiotelemontagna.com/ensekirite-pwotestasyon-yon-mouvman-grev-anplis-nan-gran-sid-peyi-a-pou-pouse-responsab-yo-debloke-matisan/

Daprè enfòmasyon yo, yon delegasyon 3 minis gouvènman defakto a: Minis Anviwonnman an James CADET, minis enteryè Listz QUITEL ak Minis jistis la Berto DORCE  te vin chita pale ak responsab chanm komès ak Endistri Sid  la, Rasanbleman Komèsan Sid ak sendikalis APCH la . Si nou kwè youn nan inisyatè mouvman an Bertrand Banatte dirijan APCH nan Sid, yo bay delegasyon minis defakto yo yon delè 15 jou pou l debloke Matisan an.

Premye jen k ap rive la ap fè 12 mwa depi sitwayen yo paka sikile jan yo ta vle nan antre Sid kapital la. Dènye ka a pase lendi 30 jen 2022 pase a kote bandi louvri kout bal sou otobis “Voix des Anges” ki t ap soti nan kapital la ki lakòz 3 moun blese ladan yo youn mouri.https://radiotelemontagna.com/ayiti-ensekirite-yon-moun-mouri-2-lot-blese-nan-yon-bis-moden-okay-potoprens-lendi-30-me-a/

Mòd pratik sa yo se yon ajisman kay tout gouvènman reyaksyonè pou mate tout mobilizasyon popilè. Si gwo popilasyon an kwaze bra l kite lòt ap pran desizyon nan vwa l se mas popilè yo k ap kontinye mouri paske kamèleyon ak sendikalis jòn yo p ap jwe.

 

Maks – Enmbèr Marslen

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here