Vwa Rezistans Popilè (No28). -Nan Chirepit Ant Etazini Ak Lafrans, “New York Times ” Sèvi Ak Dosye Dèt Endepandans Ayiti a.

Lendi 30 me 2022

Nan kilti peyi dAyiti, espesyalman nan Nò, yo konn itilize yon èkspresyon popilè “Chòche k ap korije Makanda “, pou voye dozado, 2 vòlè k ap joure youn ak lòt. Kisa èkspresyon sa vi n fè vizavi deklarasyon ” New York Times ” sou Lafrans lan?

“New York Times ” se yon jounal konsèvatè ameriken, k ap defann enterè ak kilti Etazini depi tikòkonm t ap goumen ak berejèn. Nan jou ki sot pase yo, ekip jounal sa soti yon rapò pou l denonse peyi enperyalis Lafrans ki piye richès peyi dAyiti ak presyon zam, vòl e move zafè pasi, pala atravè listwa peyi a. Pandan 19èm syèk la, apre akò rwa franse Chal X te rache ak menas prezans 17 bato gè nan konplisite ak Bwaye e oligachi epòk la, pou te ba Lafrans 150 milyon fran lò, ba  komèsan franse dwa, pou yo pa peye taks, pandan enstitisyon finansye franse yo, te gen men leve pou fè piyaj richès peyi a nan Bank yo. Franse yo pase prèskon syèk, ap ranmase tou sa ki nan neyokoloni an jouk rive 1915 kote entèvansyon ameriken yo, te fè neyokoloni an chanje mèt. Sou plas, ameriken yo pral fè amenajman nan neyokoloni an pou rann peyi a pi depandan. Menmjan ak franse yo, ameriken piye rezèv lò peyi a ak lajan andeviz pou pote lakay yo, lè merin ameriken yo te kase Bank Santral zam alamen an. Pandan lokipasyon an, yo kontwole tout kote lajan t ap soti pou detounen pifò Ozetazini, e san rantre nan detay, piyaj 17 milya dola ki te dwe rekonstwi Ayiti apre tranbleman tè a, te dwe jennen ameriken yo pou foure bouch nan zafè vòl ak kòripsyon nan peyi a. Donk, ki bèt ki mode ekip Biden nan, pou l kite jounal la avili Lafrans, tokay yo, nan piyaj richès peyi dAyiti nan konjonkti aktyèl la?

Avan ” New York Times ” te pete bonm nan, nan figi franse yo, yon enstitisyon ki rele “Transparans Entènasyonal ” te deja salanbe ameriken yo pou tèt y ap detounen Bidjè peyi dAyiti depi 25 kan, nan yon bann ribrik bidon ( tankou entèvansyon piblik, sèvis espyonaj) pou vòlè ak eskamotè ranmase lajan pou yo, pandan pèp ayisyen an ozabwa. Dènye kout gidon FMI ak Bank Mondyal nan bidjè Jovnèl 2020-2021 an, kote yo mete 11 milya goud, swa 110 al 120 milyon dola vèt nan peryòd la, pou ta peye enterè ak timoso nan manman lajan dèt, te kouche ankwa nan gòj tout moun. Enstitisyon k ap bay Ayiti kout ponya yo,  menm lè yo pale pou prete Ayiti gwo chif, se tanto 5 osnon 10 milyon chak ane, kantite lajan yo dekese pou Ayiti sèlman. Kouman enterè dèt ak amòtisman sou ponya a, taka rive 110 al 120 milyon pou yon sèl ane? Ayiti p ap janm soti anba dèt FMI ak Bank Mondyal. Vòl la twò kri, se pou sa Transparans Entènasyonal mete Ameriken yo toutouni. Gwo deba televize k ap fèt sou dram Ayiti a toupatou nan tout kontinan yo, sou eta Franse ak Ameriken lage peyi a, rann vòlè yo mal alèz. Konsa, chak pami yo, ap akize lòt pou tante kouvri vizaj yo. “New York Times ” pase pran bòt Lafrans ki t ap deplimen poul neyokoloni an depi 1825, kote yo te piye richès peyi a san jeretyen. Komèsan franse t ap enpòte e èkspòte machandiz san peye taks, Bank komèsyal peyi Lafrans prete Ayiti lajan nan to enterè yo vle, yo pran kontwòl Bank Santral pou sifone lajan pou voye konstwi “Tour Eiffel “, donk franse yo ratibwaze ekonomi peyi a. Sepandan, lè ameriken yo rive an 1915, yo te sèlman amenaje sistèm feyodal neyokolonyal la pou ogmante èksplwatasyon an. Yo achte dèt Ayiti yo nan men Bank franse yo pou se Bank ameriken ki ranmase enterè yo. Bank ameriken ki rele Citi Bank lan ( selon New York Times), te vòlè plis pase 1/4 nan Bidjè Ayiti pou voye Ozetazini chak ane, pandan 10 zan, mete ak vòl lajan toupatou kote ameriken yo gen dwèt yo tranpe, tankou Petro Karibe, CIRH elatriye, Etazini pagen kredi pou l pale de vòl ak kòripsyon sof pou detounen atansyon moun.

Kidonk, rapò New York Times la, gen valè yon verite istorik sou tout sa Lafrans kolonyalis ak neyokolonyalis, fè peyi dAyiti pandan plizyè syèk. Nan 19èm syèk la, yo itilize komèsan, enstitisyon militè ak finansye pou ranmase richès peyi a. Nan kontradiksyon ant Etazini ak Lafrans lan,  Transparans Entènasyonal ak New York Times vi n konfime pou pèp ayisyen an ke politik derapin kolonyalis franse ak ameriken an Ayiti a, se mak fabrik liy politik tout oksidan an jeneral. Almay te voye bato gè pandan 2 fwa nan rad Pòtoprens, pwente sou vil la ak Palè Nasyonal, pou fòse Leta ayisyen louvri Bank Santral pou ba yo lajan. Ameriken vini an desanm 1914 ak bato gè e merin, pou  yo kase Bank Santral, pran tout rezèv lò peyi a, tout lajan an dola, lajan an liv sterling angle, lajan an fran franse ak lajan an pyas espanyòl pou pote lakay yo Ozetazini. Dènye pi gwo zak eskamotè ameriken yo, se piyaj 17 milya dola pou rekonstriksyon Ayiti a, yo fè apre tranbleman tè a. Donk, imaj katastwòf Lafrans ak Etazini lage sou do peyi a, k ap pase anbouk sou televizyon entènasyonal yo, mete yo toutouni devan lemond antye.Jodi a, pèp la dwe chache konprann kontradiksyon ki pete ant 2 lènmi l yo, e wè kouman pou l ajiste revandikasyon l yo, pou ni ameriken ni franse rive rann lajan yo te vòlè sou do peyi a bay pèp la. Pou sa, fòk peyi a gen yon pouvwa souveren. Nan batay pèp la livre nan mobilizasyon an, li vize kwape ni ansyen kolon vòlè ni nouvo eskamotè. Mobilizasyon manch long mas popilè yo pou chase dominasyon ameriken ak Gang PHTK yo, pa p kite tan pou pèp la pran patipri nan goumen “Chòche k ap joure Makanda “.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here