Vwa Rezistans Popilè (No27). – Poukisa Anpil Moun Kwè Kongrè 18 Me 1803 a, Te Yon Etap Desizif Nan Pwosesis Revolisyon 1791-1804 La?
Nan etap revolisyon 1791-1804 la, gen 2 moman politik majè ki te sèvi sewòm pou aktivite militè yo nan mitan mas esklav yo, sou teren an: Reyinyon Bwakayiman 14-15 dawout 1791 lan, ak Kongrè 18 Me 1803 nan Lakayè. Avan 15 dawout 1791, aktivite Rezistans mas esklav nan Sendomeng yo te egziste nan nivo mawonaj, men yo te gaye an plizyè gwoup esklav ou afranchi anti-esklavajis, ki t ap frape nan zòn pa yo, san yo pat rive chavire machin esklavajis la. Reyinyon Bwakayiman mwa dawout la, te gen merit paske l te defini objektif entèmedyè gè a, ak orè degzekisyon objektif yo, kote tout moun te temwen kouman gwoup yo te marye youn ak lòt, e sa te pèmèt lit la, pran yon lòt dimansyon. Anpil konkèt ak viktwa te reyalize sou twoup franse yo, pou abouti nan afranchisman jeneral la an 1793. Sepandan, evènman 1802 yo ki abouti ak depòtasyon Tousen Louvèti a, pral mete yon moman latroublay nan ran lame endijèn nan. Anpil ofisye nwa te rantre nan kan franse, pandan anpil sòlda lame a te pran mòn pou kontinye batay la. Donk, menmsi retou Desalin nan kan revolisyonè a, te pote kèlke pansman, nan mitan lame endijèn nan te genyen anpil konfizyon. Se pou tèt sa, Kongrè Lakayè a te yon nesesite, pou te konsakre otorite Janjak Desalin kòm chèf lame endijèn nan, pèmèt reyalizasyon yon nouvo repatisyon tach, fikse responsablite jenewo yo, avan pou yo te mete kap revolisyon an sou viktwa final la. Konsa, Kongrè a ki te rasanble anpil gwo chèf Sid ak Lwès peyi a, te bay Desalin okazyon chwazi koulè drapo a an akò ak lòt jenewo yo, reyamenaje teren militè Lwès ak Sid la e kwadriye peyi a, pou abouti nan gwo evènman Vètyè a. Nan sans sa a, pou byen chita lide ki avanse yo, yon kout je sou dewoulman evènman istorik yo, ta sanble nesesè.
Nan moman Jeneral Leklè te fè arete Tousen an, franse yo te panse apre disparisyon Tousen Louvèti, lame endijèn nan te pral efondre. Apre plizyè ofisye nwa ak milat te antre nan lame èkspedisyonè a, anpil ofisye sibaltèn te pran konpòtman ofisye siperyè yo tankou yon trayizon. Pami yo; Chal bèlè, Sanit Bèlè Lamou Derans, Tinwèl, elatriye. Sepandan, se te yon strateji militè. Se pou tèt sa, Desalin te di: ” Na pral jwenn franse yo 100 fwa, pou n trayi yo 100 fwa”. Kongrè Lakayè a, se te yon alyans konjonktirèl nan moman an, pou relanse mobilizasyon lame revolisyonè a. Anpil ofisye lame endijèn nan te antre nan lame franse a, majorite sòlda yo te swiv tras ofisye yo, men Rezistans lan pat mouri pou sa, sitou nan mòn yo. Pandan yon bon bout tan, nan peryòd ofisye siperyè lame endijèn nan te entegre lame franse a, rezistans lan te fè bak nan nivo òganizasyonèl, li te pèdi karaktè lame òganize l te genyen pou l rekòmanse ak bann e gwoup epapiye. Tan t ap pase, ti travay ki te fèt pat sifi pou bay lame revolisyonè a dimansyon l te genyen sou Tousen Louvèti a. Donk, Kongrè a ki te pran yon bann dispozisyon, te pèmèt konfyans ak disipli n retounen nan mitan lame endijèn lan. Sa vledi, enpòtans reyinyon sa te kapital, pou te sove revolisyon an. Sepandan, anpil istoryen boujwa ayisyen lese konprann ke rankont Lakayè a, te fèt sèlman pou trete kesyon drapo a. Nou paka kondane yo lefèt yo mansyone kreyasyon drapo a, men politikman, yo anime ak yon volonte manifès pou redwi pòte politik Kongrè a. Se rezon sa tou, ki pouse politisyen tradisyonèl yo ale toujou nan sans sa a, pou kache aspè òganizasyonèl ak initè ki te degaje nan mitan lidè militè yo. Sou Divalye, pouvwa fachis la te itilize fèt drapo a pou fè demonstrasyon fòs, pou kraponnen popilasyon an. Makout yo te konn defile ak manchèt, ponya nan men, pase yo atè detanzantan, fè gwo bwi pou fè moun ki kapon, pran anba kabann pou pagen lide kontrekare pouvwa fachis la. Pandan pouvwa Lavalas la, dirijan yo te konn itilize fèt drapo a pou fè vanse lide popilis yo, menmsi yo pat gen okenn sans. Nan rèy pouvwa Gang PHTK a jodi a, fèt drapo a, p ap ka fete nan gwo dimansyon, pou yo pa deranje peyi titèl yo, paske domèstik sa yo, p ap gen dwa kite siy santiman inite, oswa santiman patriyotik ki taka raple gwo evènman nan listwa peyi a, parèt nan je mèt neyokoloni an.
Kidonk, 18 me nan listwa peyi dAyiti, rete yon dat enpòtan pou inite ak detèminasyon ki te degaje nan mitan lame revolisyonè a. Poutan, politisyen n yo toujou ramne dat sa, nan yon senp selebrasyon jou kreyasyon drapo a, pou maske vrè aktivite politik ak stratejik ki te deplòtonnen anndan reyinyon an. Anpil desizyon politik ak militè te pran nan moman Kongrè a, pou te mete kap revolisyon an sou pant desizif li. Konsa, depòtasyon Tousen an ki te mete lame endijèn nan andezòd, pral jwenn yon solisyon ak konfimasyon Jeneral Janjak Desalin nan tèt lame sa. Li pral re-òganize teren militè a nan Sid ak Lwès tankou sa te deja fèt nan pati Nò a, pou bay lame revolisyonè a dimansyon l te genyen anba lòd Tousen ak Desalin nan. 7 avril 1803, Tousen mouri an Frans, nan fredi, nan Fòdejou. Yon mwa apre lanmò a, Lidè militè endijèn yo te sele novo alyans sa a, nan Kongrè 1803 a. Sepandan, jodi a pouvwa Gang domèstik la, p ap jwenn otorizasyon ameriken yo, pou reyalize menm demonstrasyon fòm yo, paske imaj mèt neyokoloni an ki deja andegraba nan peyi a, riske tounen pousyè tè. Fachis ki nan “Core-Gwoup ” la ak Etazini p ap kite lavi pouse nan peyi dAyiti. Sèl mobilizasyon pèp la, nan yon kad òganize ak disipline ap anmezi libere peyi a anba dezòd ameriken yo ak Gang Milis PHTK yo.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 18 me 2022.