Okay – Ayiti. -. Aktivite yo te anpil nan sant 3zyèm vil peyi a pou make 219 vyèm lane depi drapo ayisyen an kreye nan Akayè, 18 me 1803.

Byen bonè maten mèkredi 18 me 2022 a, tout aktivite yo te konsantre ozalantou plas Dam nan kote delegasyon plizyè elèv lekòl fondamantal kou segondè akonpaye ak plizyè etidyan te reyini, kèk pa se nan lekòl kay Frè Odil Jozèf la, fanfa yon lekòl nan vil la akonpaye gwoup Scoot “la Renaissance” te ye. Yon lòtbò se nan lespas gwòt “Notre Dame de Fatima” a ki loje legliz Katedral la- akòz Katedral la sibi gwo domaj nan pasaj tranblemantè 14 out 2021 pase a- zotobre nan PNH la, dirèktè, direktè annapre kèk bwat, sitwayen kou elèv vin asiste mès tradisyonèl 18 me a nan espas amenaje a.

Chak aktivite ap regle nan kanton yo. Youn pa te deranje lòt paske nan yon titan tou kout 2 premye yo te kite bò katedral la pou yo te al fè parad epi file monte kèk kote senbòl 2 koulè peyi a. Nan aprèmidi menm se 2 bann madigra nou te rankontre nan vil la: Vèkèlè band ak Prestige Band ki wè jou nan epòk kanaval mwa mas 2022 pase a ki t ap anime beton an. Se pou premye fwa sa fèt nan vil la nan jou sa a.

Pou kèk obsèvatè, malgre se pa konsa yo te konn viv parad 18 me nan vil la, men kenbe pratik la se yon bon bagay. Pou yon lòt kategori, jou sa a ap pèdi valè l chak jou pi plis. Gwo komès la te fonksyone kòm tout jou, sitwayen yo pa mete drapo douvan kay yo ankò, yon eskandal. Fè lajan bouche tout dat ki make lavi yo kòm pèp.

Daprè gwoup sitwayen sa yo, vin patisipe nan manifestasyon 18 me a pou montre lanmou yo pou drapo a se byen men pi bon lanmou an dwe pou peyi a soude 219 fwa. Pou sa fòk Ayisyen montre yo patriyòt. Se sèl santiman sa a ki ka soti peyi a nan twou li ye depi plis pase 50 dènye lane sa yo.

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here