Nan kad yon konferans pou laprès, maten jedi 12 me 2022 a sou plas Dam Okay la, fanmiy ak avoka viktim anba bal ajan Polis Minisipal Okay la (MPC) mande jistis ak reparasyon.

2 jou aprè aksyon sa a te fin pase nan blòk SOS Village la, Jean Jislhomme Glay ki te akonpaye ak avoka fanmiy lan kou lòt temwen rakonte kouman madanm li, Luvie Lafague manke mouri lè yon gwoup ame, daprè li, debake pou vin kanpe nan zòn Mèsi enplantasyon yon konstriksyon. Kòm ansyen otorite nan seksyon an li te mande mesye ki te ansivil kou ak inifòm yo fè sa ki pi senp lan, envite pwopriyetè a nan Lameri pou regle sa. Bagay ki pa t fèt. Kòm diskisyon an te kontinye, nan moman madanm lan te vin rale l kout zam louvri epi madam lan resevwa yon bal nan kou.

Okay Ayiti- Ensekirite 11 me 2022

Misye Glay di konstrikyon an se pa pou li men se yo menm ki te vann tè a bay yon vwazen. Kòm li nan zòn lan epi sèvis Jeni Meri a t ap koupe poto yo, li te di yo rele mèt konstriksyon an ki gen 4 mwa depi l ap enplante.

Pou mèt avoka Yonal Pierre ki te akonpaye mari viktim lan, kabinè li a fè tout sa ki te dwe fèt pou viktim lan ka jwenn jistis ak reparasyon. Yo depoze plent nan SDPJ/SId. Genyen 3 nan ajan yo ki nan gadavi komisarya Okay la, youn pran lafuit, kabinè a ap ret veyatif pou pakè a pa libere prezime asasen yo paske se yon pratik nan sistèm jistis peyi a epi arete tout lòt yo pou yo ka jwenn otè atak kriminèl sa a.

Pase nan sèvis Jeni Minisipal Lameri a, responsab la, Frédéric Saül di li pa otorize di anyen nan dosye sa a. Prezidan komisyon minisipal la, Marie Sylvie Rameau anvwayaj se lè l vini nou ava jwenn repons ak kesyon nou yo.

Sekirite nan komin yo se sou responsablite otorite kominal yo li ye. Chak lè, yo pa jwe wòl yo se posiblite pou sitwayen yo viktim nan kominote yo.

 

Maks- Enmbèr Marslen

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here