Okay- 11 me 2022. Liberasyon anplwaye Direksyon Jeneral Enpo (DGI) yo te kidnape Petyonvil dimanch 8 me pase a, jounen mèkredi 11 me 2022 a nan zòn Pènye.

Bernard Gue yon kad nan DGI rive jwenn liberasyon li jodi mèkredi 11 me 2022 an nan Pènye vè 11 zè nan maten  , yon zòn nan Komin Petyonvil apre nèg ak zam te fin pati ak li dimanch 8  me pase a toujou nan Petyonvil, dapre sa Ajans anliy Vant Bèf Enfo rapòte.

Selon ajans la pa gen okenn enfòmasyon sou kondisyon liberasyon an.  Depi lendi zòn Kafou Tifou  ak Avni Kristòf te bloke akòz anplwaye DGI ki t ap pwoteste kont anlèvman kòlèg travay yo a malfra san fwa ni lwa yo te kidnape.

Pandan dènye jou sa yo, Komin Petyonvil tounen yon zòn wouj kote yo kidnape plizyè moun

semèn pase a yon fason pou mande gwo lajan anpil fwa fanmi viktim yo pa janm gen chans konte nan lavi yo.

 

 

 

Franndy Lesperance

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here