15 jou aprè denonsyasyon yon pèsonèl medikal sou atak eskandal seksyèl li di li viktim nan sant sante 4 chemen an, Minis defakto sante piblik la, pwoteje zanmitay li.

 

Okay, 3 avril 2026

 Darline Molin Dol se non nouvo Direktè Sant sante 4 Chemen an. Li ranplase ansyen Direktè Perkens Beaufils, jedi 2 avril 2026 la aprè yon enfimyè akize l tizonay sou li.

Minis defakto Sinal Bertrand ki te akonpaye Direktè Sid -MSPP a, Marie Yoleine Pharah Anestéus ki te vin fè enstalasyon sa a, t ap repwoche enfimyè a ki pa t dakò pou predatè seksyèl la souse tete l men te al pi lwen pase sa, daprè Minis defakto Sante Piblik la.

 

Se pa jodi a non Direktè Beaufils ap site nan koze Krèy kou lòt nan sant Sante a deklare yon enfimyè. Depi se jenn fanm ki ta sou kontra dwe livre kò yo ba l si yo vle kontinye vin travay nan sant lan kou fè yo pwomès pwomosyon.

Nan dat jedi 17 mas 2026 pase a, nan yon rankont ant Direksyon Sid- MSPP a ak responsab Sante yo, enfimyè Roudeline François te jwenn kouraj – anpiblik – pou l denonse zak tizonay, atouchman medsen Beaufils   fè sou li. Bò kote pa l, bouwo a, Perkens Beaufils, te kontante ap ri – daprè yon videyo viral sou entènèt la- t ap ri lè jenn pèsonèl medikal la ap rakonte kouman li te touche l kou mande vin souse kò l.

Pou kèk lòt pèsonèl medikal nan Sant sant 3 chemen an, yo kritike administrasyon sant lan, Administratè Sant la Clergé ak Direksyon Sid la ki te kite Beaufils ap koupe rache nan tout sans malgre yo gen anpil done sou zak ansyen Direktè a yo akize kadejakè pa konprann desizyon Minis Bertrand ak chanjman sa. Paske se retire bèt seksyèl nan yon ti pòs epi ba l plis espas pou l kontinye atak medam yo .

Kontakte Direksyon Sid Kondisyon Feminin pa gen twòp enfòmasyon ni desizyon fòmèl sou zak sa. Kòm Sinal Bertrand se yon sipè, pisan minis, Direktè Sid la pa fè plis pou pote api l bay enfimyè François pa mande pou òganizasyon fanm nan rejyon a pa pipe mo.

 

Minis Sante a pa mens nan zak sa yo. Pou l evite tout repèkisyon li kenbe anba bra l zanmi l lè l li transfere anba lopital Jeneral Okay la. Tank bouwo yo kouvri anba dra enpinite a se tank yo ap gen lougal pou kontinye fè zak louch yo. Se pou Perkens Beaufils peye pou zak tizonay li a.

 

Max – Imbert Marcelin

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here