Yon jou aprè pèsonèl medikal yo nan Lopital Jeneral Okay la te kanpe travay pou denonse zak bosal yon komisè ak sekirite l tout bagay sanble antre nan lòd daprè konsta radyo Montagna.
Okay, samdi 28 fevriye 2026
Medsen ak pèsonèl medikal yo sanble rekoumanse bay sèvis yo aprè jounen pa t travay la pou te denonse komisè Pierre Maykèl Georges ak polisye Jean Michel Montimer ki pa t ezite, jedi 26 fevriye 2026 la, bò 9vè konsa nan aswè, pou yo te rale zam yo nan sèvis ijans lan epi mande pou medsen entèn Naïka Janvier akonpaye yo pou y al fè yon konsta yon moun ki nwaye nan basen dlo nan izin Marc Jeune lan ki nan zòn Lwès vil la.
Si nou kwè yon moun nan zòn lan, basen dlo sa a se rezèvwa dlo cho lè izin lan ap mache. Li konfime pou RTM gen moun nan zòn lan ki konn al benyen ladan l. Kisa ki pase jenn gason an? Èske dlo a te cho? Pa gen twòp detay sou sa ak eskandal la.
Se pou ka sa a, sibtiti komisè Georges te debake nan lopital la. Daprè yon medsen ki reponn kesyon radyo Montagna, maten samdi 28 fevriye a, di li te temwen akzsyon sibtiti komisè a. Li te parèt nan sal ijans lan koumanse fè bri epi egzije pou medsen an akonpaye l. Yon lòd medsen Janvier pa t asepte. Kòm reyaksyon, komisè Georges, mande polisye Montimer ki gen non l site nan asasinay Jounalis Garry Tesse ki te akonpaye li a pou ale ak medsen an jan li vle a. Si pa t gen lòt medsen, administratè lopital la ki te la, li klè komisè toupisan an t ap kidnape medsen an. Kòm konsekans, règ medsen an te tou deklannche sou li.
http://radiotelemontagna.com/dosye-asasinay-jounalis-garry-tesse-sosyete-an-toujou-ap-ret-tann/
Daprè yon medsen Jinekològ ki pa swete non l site, eksplike gen plizyè bagay ki ka lakòz règ yon fi koule sou li san epòk li. Li rale ka kontantman ki ka rann fi a gen règ li kou yon gwo ka presyon melanje ak laperèz. Nan ka sa a, selon li, se nan katagori sa medsen Janvier ye. se lapèrèz ki lakòz reyaksyon sa a.
Sibtiti Komisè Georges pa sou premye egzaksyon l nan sal ijans lopital Jeneral Okay la daprè responsab sal ijans lan. Medsen an kondane zak komisè a epi mande pou yon egzanp trase. Li kontinye pou l di lajounen jodi depi yon pèsonèl medikal wè yon otorite, se laperèz ki anvayi l olye li ta santi l ansekirite sou lye travay li.
Nan date 22 desanm 2023, Pierre Maykèl Georges te fè menm aksyon makout sa sou medsen Picard. Malgre viktim lan te pote plent pou komisè bowòm lan, anyen pa t fèt pou saksyone komisè « cowboy » la nan sistèm jistis la.
Jou je fanm senbòl lajistis la byen bande, tout Kriminèl dou kou deklare ap peye pou zak yo.
Max – Imbert Marcelin
RTM















