2 sispèk arete, plizyè moun blese anba bal bò 10zè konsa nan aswè 12 fevriye 2026 la, nan K-Syèl, daprè yon sous nan PNH – Sid la ki enfòme sal nouvèl radyo tele Montagna.

 

Okay , samdi 14 fevriye 2026

Stanley Batistin, Clémenceau Reno, Ephesien Ulysse se non sitwayen sa yo nèg ame sou moto atake, bò 10 zè konsa nan aswè, jedi 12 fevriye 2026 la nan zòn Nòdès vil Okay.

 

Daprè enfòmasyon yo, mesye yo viktim bò lakay yo. Kriminèl yo sou moto nik parèt epi louvri kout ba l sou yo. 2 mouri sou plas epi lòt la blese ap pran swen ka l mande. Yo pran bal yo nan tèt, nan lestomak ak nan pye daprè kèk sitwayen ki reponn kesyon RTM, maten vandredi 13 la nan zòn aksyon an te fèt la.

Sou lye krim lan, ajan PNH yo arete Patrick Clervil, ansyen bra dwat jal komisè Ronald Richemond ki gen non l site nan yon rapò UCREF kòm moun ki nan lave lajan sal.

Nan moman Lapolis ap arete Patrick Clervil – yon ansyen toutè Lapolis – li te gen sou li yon pistolè san bay mak li. Èske se pou ankèt oubyen kòm lajistis te mande jouke l pou enplikasyon l prezime nan asasinay Garry Tesse la? Èske lajistis jwenn po bal oubyen remake zam li a sanble sot tire?

https://radiotelemontagna.com/dosye-asasinay-jounalis-garry-tesse-sosyete-an-toujou-ap-ret-tann/

Nan menm nwit lan, Lapolis fouke James Desrosier kòm yon lòt sispèk. Nan fouye l, li te ak yon pistolè kalib 9 milimèt ki pran menm bal ak po bal yo jwenn sou lye krim lan. Epi zam lan bay resanblans ak yon zam ki sot itilize. Pa gen plis detay sou dezyèm sispèk sa a.

Nan moman sitwayen yo ap aranje yo pou yo patisipe nan aktivite kanaval 2026 yo, ka doub asasinay sa a ka kenbe moun yo lakay yo olye yo al defoule lespri yo kòmsadwa.

Zak kriminèl sa yo anpil fwa makònen ak règleman kont ki gen anpil koze kache dèyè yo. Remonte pis zak kriminèl sa yo mande bon jan ankèt epi fòk se detèminasyon k ap gide aktè yo pou rive kwape zak kriminèl yo. 2 sousi ki pa anime otorite nan Lapolis kou lajistis.

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here