3 mwa depi Kolektif Majistra Debou yo nan 18 jiridiksyon peyi a nan grèv, reprezantan òganizasyon dwa moun yo nan Rezo Sid pou Defann Dwa Moun (RSDDH nan lang franse a) di se moun k ap sibi tout sòt tretman, diskrimanasyon, enjistis ki ap soufri.

 Mèkredi 4 fevriye 2026

Nan patisipasyon l nan emisyon Kiyè Bwa dimanch premye fevriye 2026 la, militan dwa moun Yonel Myrtil kanpe rezon ki lakòz komisè yo ap kontinye fè grèv sa a pou mande aplike lwa 27 novanm 2007 la ki garanti menm tretman ant Majistra yo -chita kou debou- san privilèj pou yon kategori.

 

Yonel Myrtil di, Komisè yo nan Pakè ak Koudapèl yo se yon gwo mayon nan chenn penal la. Yo la pou defann pi piti yo, pou pousuiv kriminèl yo ak pou mande pèn pou zak yo komèt nan sosyete a. Militan an di kantite moun ki nan prizon sivil Okay la double epi sila yo ki arete yo p ap ka pase  douvan jij yo kou seyans yo p ap ka fèt.

 

Poze l kezyon sou plizyè gwo dosye tankou pil ka asasinay yo: Guy Depo, Timakout, ak konpayèl li, frè Gerson ak Antoine Borgat, 2 jenn medam Gaspard yo, ki kote dosye sa yo ye?Rekizitwa yo? Militan an di se sistèm lan ki pa fonksyonèl kit nan Pakè, TPI kou Lakoudapèl, dosye yo bloke.

Dosye yo nan kabinè enstriksyon epi pa gen ase jij enstriktè nan jiridiksyon yo pou trete divès zak kriminèl sa yo. Pou li, dosye yo pran koulè politik okenn jij pa vle travay reyèlman kòm bon responsab.

 

Nan ka dosye UCREF la, mèt Myrtil ki pa t vle site non jij ki sou dosye ansyen jal komisè Ronald Richemond prezime kriminèl, poze tèt li kesyon sou kantite prèv ki al jwenn Jij enstriktè a, swete sitwayen yo tenas pou yo pouse aktè yo fè suivi dosye yo.

 

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here