Kèk jou aprè « sit in » fanmi, pwòch ak kolaboratè jounalis asasinen an Garry Tesse douvan Palè Jistis Okay la, Majistra Jean Michelet Séide depòte l sou dosye a pou divès rezon.

Okay premye Oktòb 2025

Aprè madam fonde pouvwa a, jounalis animatè emisyon Gran Lakou a te fin deklare nan emisyon sa, lendi 22 septanm 2024 pase a, mari l te konn anime a,se pou Jij enstrikè a depòte l, remèt dosye a si l paka arete plizyè moun klamè piblik denonse nan zak lach sa a, Majistra Enstriktè a pliye tabliye li nan dosye sa.

Anpil obsèvatè ki wè pi lwen pase pwent nen yo, pa te rive konprann chwa òganizatè yo pou te vin fè « sit-in » madi 23 septanm 2025 pase a nan fyèf Majistra Sëide. Pou yo, Jij la ap travay ak zong li epi dosye asasinay sa pa piti men p ap vanse jan yo swete. Men vin fè mouvman sa detan se yon sèl grenn Majistra ki nan Tribinal la se sasinen defen an yon lòt fwa.

https://radiotelemontagna.com/yon-sel-jij-enstriksyon-pou-300-dosye-nan-tribinal-premye-enstans-okay-yon-eskandal-san-parey/

Pou youn nan avoka fanmi Tesse, mouvman sa se yon boustè menmsi l rekonèt li fèt twò ta anplis li pa gen menm anplè akòz sitwayen yo santi dosye sa a ap patinen yon kote epi y ap pèdi konfyans. Yo dekouraje ak sistèm jistis sa a.

Mèt Maxon Esta ki pa nan peyi a alè aktyèl di radyo Montagna, tout moun konnen fè a, se kòmsi gen lantè k ap fèt ladan l. Sitiyasyon an di nan jiridiksyon Okay la. Se pa ni 3 ni 7 bagay ki pa pase nan Okay se kòmsi lajistis fèmen je l. Moun mouri, asasinen pası pala, pa gen yon mesaj klè ki lanse nan trake, arete epi kondane tout lotè pre kou lwen zak kriminèl sa yo.

Li kwè nan kapasite Majistra Sëide, konpetans li. Majistra Sëide se youn nan jij ki onèt epi serye pami Jij ki la yo. Poze li kesyon sou evantyèl depòtasyon Majistra a, Mèt Esta di « Non, mwen pa pou sa paske pa gen anpil jij okay ki gen kouraj Jij Seide genyen nan tretman dosye a. Tout jij ou wè ki pase sou dosye sa ki remèt li ki pa trete li, se Ronald Richemond yo pè. Jij Seide kapab gen kèk ti kontrent men pou jiskounya mwen kwè nan li e m konnen l’ap gen pou li fè sa lalwa mande li sou dosye sa. »

Garry Tesse, 18 oktòb 2025 k ap rive ap fè 3 lane depi yo te anlve li, kache li, anvan popilasyon an nan dat 24 oktòb 2022 te pral jwenn kò Garry Tesse defigire nan lokalite Foko 6 jou apre. Klamè piblik te lonje dwèt jouda yo sou ansyen jal komisè Ronald Richemond ak ekip li ki ta lotè zak sasinay sa.

https://radiotelemontagna.com/lajistis-nan-vil-okay-tande-ansyen-komise-rchimond-ak-tout-direkte-depatmantal-sid-pnh-la-nan-kad-asasinay-jounalis-tesse-garry/

Pierre Ricardo Bain, aka Tichito, ansyen òmdemen jal komisè Richemond pa te janm arete nan kad dosye kriminèl sa te akize chèf Pakè Okay la Kòm lotè entelektyèl krim sa nan bay plizyè medya tankou Ayibopost kou bay reprezantan « SOS Journalistes » yo, Joseph Guyler Cius Delva sa li konnen nan ankèt yo t ap mennen sou orijin krim sa a.

Sa fè 3zyèm Jij ki depòte yo nan dosye a soti sou Majistra Rose Marthe Louis – Jeune, Robert Jourdain pou rive sou Jean Michelet Séide. Pou kèk avoka ki reponn kesyon radyo RTM panse, se sistèm jistis la menm ki bwè dosye a nan men jij Sëide pou mank mwayen epi vye deklarasyon paran ak zanmi viktim lan ki fòse li depòte li, pa ret kwè dosye a ap avanse toujou. Kòm pa gen lòt Jij Enstriktè nan TPI a, yo ap tann pou wè ki lòt Jij Dwayen Jocelyn Lucien pral remèt dosye a pou kontinye enstui li.

Nou ap raple nan dosye sa te gen 2 premye sispèk ki te jwenn arestasyon yo preske 2 mwa aprè zak la. Se ka Wilkens Thirogène aka Pouchon, Lapolis te arete li nan dat 24 desanm 2022 ak jounalis Guerlain Hyppolite nan dat 30 desanm 2022. 2 akize sa yo te pral libere ak òdonans ansyen Majistra Robert Jourdain te siyen nan dat 9 desanm 2023. Men jij la t ap tann yo mennen ba li 4 lòt sispèk: Jean Michel Montimer, Doreus Alextangley, Patrick Clervil ak Saint Georges Alcide ki te rekize Majistra a men limenm te toujou kanpe dèyè demand li a ki pa te janm pouse yo al chita nan kare jij la.

https://radiotelemontagna.com/lapolis-nan-vil-okay-arete-youn-nan-prezime-asasen-jounalis-tesse-gary/?fs=e&s=cl&fbclid=IwZnRzaANJIWJleHRuA2FlbQIxMQABHnmurge9WVLWUnEUzN0lkI4MGawPegMeRaksezJ4gSgKKf1yLcmb0pHQQUD5_aem_EnwLcR6hyfkYUoL1XrLYwA

RTM konfime dosye asasinay Garry Tesse la nan grèf TPI a. Dwayen Lucien pako ka fè plis paske Majistra Sëide se sèl grenn Jij enstriktè ki nan Tribinal la. Pou dosye sa reprann fòk gen nominasyon pou nouvo jij oubyen kondui sıla yo manda yo te bout sèlman.

Zak kriminèl sou animatè emisyon politik « Gran Lakou » ak « Klòch la sonnen » sou radyo Lefon 102.1 FM te youn nan zak ki choke sitwayen yo toupatou nan peyi a sanble nan tolalito sa peyi a p ap janm rive konnen kisa ki te pase jounalis/ fonde pouwa Garry Tesse.

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here