Nou ka konte sou pwent dwèt nou Komin nan Depatman Sid la ki pa gen moun Lapolis arete pou trafik dwòg. Jenn  kou grandèt, fanm kou gason, polisye ansèvis Kou lòt livre yo nan komès ilegal sa a.

Okay, dimanch 31 out 2025

 Dènye kout filè Lapolis fè nan Okay sou trafik dwòg la epi Direksyon Sid Lapolis voye bay laprès se arestasyon yon polisye ak 2 akolit li nan lannuit madi 26 pou louvri mèkredi 27 out 2025 pase a san bay non frèzam li a.

Daprè sa nou jwenn nan sal nouvèl radyo Tele Montagna, se lakay li, nan Okay kontrèman ak sa DDS la te anonse Lapolis te debake, fouye epi arete ajan 2 PNH la, Jude Estavard ak 2 kilo kolayın, yon zam ilegal ki pa zam sèvis li epi remèt li bay BLTS pou kontinye ankèt la. Polisye enplike nan trafik dwòg sa te kantone nan komin Tòbèk , ap reflechi nan prizon.

Daprè enfòmasyon yo, te gen yon debakman kagezon dwòg nan zòn kòt la nan mwa pase yo. Polisye Estavard aka Lyon sanble te okouran, desann brake yon moun epi pran machandiz ilegal la nan men l. Depi aprè aksyon sa, polisye a  ta pa al travay. Li abandone pòs la Kòmkwa li ta malad.

Vandredi 29 out 2025 pase a, prezime dilè dwòg Ernest Sincère tonbe anba bal Lapolis nan mache Jedi a. Daprè lapolis, prezime a nan moman fòs lòd yo t ap arete l, rale yon ponya sou ajan lòd yo ki riposte ak kout bal. Nan pwosè vèbal jijdepè Betty Antoine Chéry, li te konstate kèk bagay ki sanble ak mariwana.

Nan menm semenn 24 out 2025 sa, lapolis arete Renel Louis aka timayèt ak Vilarso Odeny nan mache jedi Okay sou akizasyon dilè dwòg. Lapolis te tèlman maspinen yo, Odeny te al mouri kèk èdtan aprè sou lopital Jeneral Okay la epi Renel ap kontinye pran swen ka l nesesite nan menm lopital la.

Nan dènye mwa sa yo, chif yo bay plizyè dizèn moun Lapolis arete pou trafik dwòg. Komin Tòbèk, Okay, Senlwi nan Sid, Koto, Tibiwon se kote komès ilegal la plis gaye epi kantite moun arete plis enpòtan. Pou jan ensekirite a ap monte tribò pabò nan peyi a, si Leta pa deplwaye yon mwayen, zòn Sid peyi a p ap pran tan pou l tounen yon zòn wouj nan peyi a.

Pa gen demachè dwòg san vandè , sitirè kou achetè. Pou trafik dwòg la kanpe se chenn lan ki pou kase yon fason pou evite sitwayen yo jwenn pwodui iligal danjere sa pou yo konsome.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here