Moun ak zam yo pa rive idantifye krible ak bal Me Pierre Antoine Borgat devan kabinè li nan vil Okay ayè jedi 19 jen 2025 la. Se nan sal operasyon sant ospitalye SOPROMED la, bò 9vè 55 konsa nan aswè, mèt avoka a rann dènye souf aprè li.
Okay, vandredi 20 jen 2025
Se nan biwo l ki chita nan vilaj Guilite blòk Lwès kwa 4 chemen an aksyon sa pase. Daprè Lapolis, mèt avoka Pierre Antoine Borgat resevwa 3 bal.
Nan yon videyo k ap vire tounen nan gwoup watsap yo, nou konstate kèk jenn gason k ap ede leve viktim lan epi mete l nan bak yon pick up koulè gri. Pou jan nou te wè viktim lan te soutni kò l, demi kouche, apiye sou pye yon sitwayen pa t montre li te nan yon eta grav. Men fason yo leve l ak transpòte li a pa t apwopriye te ka agrave sitiyasyon l san konte si l pa jwenn bonjan asistans nan sant yo te kouri ak li a.
Avoka, ansyen Prezidan Chanm Komès ak Endistri a te gen gwo dosye kay, tè l t ap kondui nan lajistis. Èske se ta pou youn nan yo avoka a ta pèdi lavil? Èske atak kriminèl sa a ta gen arevwa ak règleman kont? Èske Pakè Okay ak lapolis pral banalize zak kriminèl sa ankò nan pa mennen bonjan ankèt pou rive derasinen rezo òmdemen sa yo?
Nan Bawo Okay la, avoka yo andèy. Epi se premye fwa yon avoka tonbe konsa nan jiridiksyon Okay la, swete Lapolis ak lajistis ava jwenn lotè zak kriminèl sa.
Atak ame sou mèt avoka Pierre Antoine Borgat rive 2 mwa 17 jou aprè frè l, bizisman- antrepremè Pierre Gerson Borgat nan dat mèkredi 2 avril 2025 pase a te mouri sou plas nan yon atak kriminèl. Jiskaprezan dosye an rete ap dodo meya nan biwo jij k ap trete dosye a. Èske ta gen koneksyon ant 2 zak yo?
https://radiotelemontagna.com/tipa-tipa-ensekirite-a-ap-pran-pye-nan-sid-peyi-a/
Li klè ak fasilite yon moun ka jwenn yon moun pou al fè yon zak konsa montre koze kriminalite a byen plante nan komin Okay la Depatman Sid la anjeneral kote plizyè moun deja asasinen ki vin rann lis la pi long.
Avoka yo ki pa t swete non yo site, admèt Pierre Antoine Borgat t ap fonksyone Kòm avoka enfliyan ka plede nan kenpòt jiridiksyon nan peye yon frè nan DGI si se yon afè sivil. Yon prensip konfrè a pa t konn respekte. Li te konfliktyèl men konpòtman sa pa bay okenn moun lougal pou retire lavi l.“ Si l ta komèt yon fot se pote plent nan Bawo l. ”
Konfli tè ak trafik dwòg pou anpil moun ta prensipal baz transfòmasyon sa nan Depatman Sid la pandan Lajistis ak Lapolis kontinye ap tatonnen.
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)
RTM