Symbol of law and justice with Haiti Flag. Close up.

Arete ak manda pou motif reselè vòlè komisè Pierre Elioth Paul te siyen depi mwa avril 2025 pase men se pou enplikasyon prezime notè a nan yon zak asasinay, chèf pousuit la voye l al reflechi nan prizon sivil Okay la.

 Okay, madi 20 me 2025

Prezante yon fason moun pa konprann nan resepsyon komisarya Okay la – pye atè, pye pantalon l remonte, retouse kou manch chemiz blanch li, Jean Vernet Mercier te nik fin bay enfòmasyon pèsonèl li epi yon òd depo ki enplike l nan zak sasinay sou Pierre Gerson Borgat kloure mèt notè a.

Daprè yon sous nan PNH – Sid ki reponn kesyon radyo Montagna, se polisye nan inite UDMO ki arete Jean Vernet Mercier, lendi 19 me 2025 lan, 5 kè konsa nan zòn tanbou a, Avni Cartagena. Men se nan lari Lapolis arete l, pouki se fason sa yo rive ak li nan komisarya Okay daprè kèk avoka ak reprezantan dwa moun ki reponn kesyon RTM.

Sa fè 3 prezime kriminèl Lapolis deja jouke nan kad ankèt k ap mennen pou konnen mobil krim lan epi pou lotè yo peye pou zak sa.

https://radiotelemontagna.com/2-ajan-bsap-anba-kod-nan-vil-okay/

Jean Vernet Mercier, gen 52 lane, pase premye nuit li nan prizon sivil Okay a. Pa lontan, reponsab òganizasyon dwa moun lan, pè Gardy Maisonneuve te denonse enplikasyon Lapolis ,lajistis, notè ki tonbe nan vann tè tit lafanmi Simon desandan prezidan Antoine Simon nan komin Okay. Daprè Kòdonatè Sant Karl Leveque la, se notè Mercier ak mèt avoka Rigaud k ap kourpe tè vann, tè eritye yo.

Yon lòt kote, Kòdonatè UFADESH la alète sosyete a sou mankman Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a ki pako di anyen sou ka manda 3 jij nan Tribinal Premye Enstans jiridiksyon Okay la ki rive nan bout yo nan jou sa yo. Se ka Majistra: Rose Mathe Louis – Jeune, Claude Julien ak Richard Toussaint. Si anyen pa fèt se yon sèl grenn Majistra enstriktè ki pral rete pou jiridiksyon Okay la. Yon sitiyasyon ki pral ògmante travay jij la epi pral gen plis moun nan prizon sivil Okay la.

Òganizasyon dwa moun lan kontinye pou l di gen 2 jij ki pran pwomosyon nan sistèm lan ki monte jij syèj. Pwomosyon Majistra Joseph Saunel Louis ak Jean Pélège Gérard vin andikape Tribinal depè a ki ret ak 2 Majistra lajounen jodi. N ap raple Majistra Louis te loreya nan dènye pwomosyon EMA a.

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here