Lapolis arete ayè samdi maten 3 me 2025 la, 2 ajan BSAP pou enplikasyon prezime yo nan asasinay Gerson Borgat nan dat 2 avril 2025 pase a nan ri Gwosen, daprè yon sous nan PNH la.
Okay, dimanch 4 me 2025.
Boduiy Lataillade ak Morpeau Édril se non 2 ajan BSAP yo. Pa gen plis enfòmasyon men Lapolis arete yo nan kad dosye asasinay bizismann, endistriyèl Borgat nèg ame te egzekite nan Okay sa gen yon mwa. Ajan yo jwenn arestasyon yo nan Site Militè, bò 6zè 10 konsa nan maten 3 me 2025 la .
Men Daprè sous nan lapolis la, Boduiy Lataillade te ansyen responsab site Delma nan blòk kwamati, te toujou ap pote revandikasyon sitwayen yo te vin anwole nan Brigad la.
Sa gen 15 jou konsa yon gwoup BSAP ki baze nan komin Kanperen te denonse David Dormé ki responsab yon gwoup BSAP nan vil Okay, zòn Ka Lako.
Depi aprè Direksyon santral PNH la te fin sanksyone ansyen Diretè Sid la, Daniel Compere, sitwayen yo remake nouvo Direktè a ak twoup li yo pi prezan lajounen nan vil la kou ozalantou l. Èske se menas eskadwon lanmò yo y ap kwape oubyen se paske l fenk pran mayèt la?
Yon lòt kote, depi vandredi 2 me 2025 pase a ajan Ladwann Nip ak Brigad AGD kenbe 2 sitwayen ladan yo yon polisye ki te vin pran yon kagenzon materyèl ki gen awè ak pòch pou revòlvè, gan ak plizyè dwòn.
Daprè sous nou fè konfyans lan, genyen youn nan dwòn sa yo ki sanble ak taktik militè. Eske si gen etui pa ta gen zam tou? Èske kagezon zam sa ta pase deja oubyen li dèyè? Yon dosye nou ap suiv.
Li ta sanble mèt machandiz la gen bon jan papye ki otorize yo achte materyèl sa yo. Mesye sa yo eskòte ak ajan UDMO/Nip te kondui nan komisarya Miragwàn lan pou al reponn kesyon SDPJ Nip.
Kagezon zam sa yo toujou ap antre nan pò Miragwàn lan. Sa pa gen lontan Lapolis te fè yon gwo sezi. Klima ensekirite peyi a ap viv nan dènye lane sa yo gen pou wè ak frekans kòmès zam ap antre nan peyi a pou alimante sitiyasyon kawotik sa. Pou anpil sitwayen se yon ensekite pwograme pou demantibile gwo popilasyon an.
https://radiotelemontagna.com/tipa-tipa-ensekirite-a-ap-pran-pye-nan-sid-peyi-a/
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)
RTM