Detere nan mwens 48 èdtan aprè komisè Nip lan, Jean Ernest Muscadin te fin egzekite Witchel Laurent sou wout Ayewopò Antwàn Simon an, fanmi viktim lan ki pa te dakò ak tretman otorite yo bay kadav la, fè demach pou rekipere l detan yap mande jistis ak reparasyon.
Okay, dimanch 27 avril 2025.
Samdi 19 avril 2025 pase a, moun ki abite nan zòn Lwès Kwa 4 Chemen an, kèk mèt ak pòs polis la, leve jwenn kadav yon jenn gason k ap benyen nan san l epi pa t gen okenn objè bò kote l daprè konsta Radyo Montagna.
Jistisye komisè Nip lan pale ak 2 medya anlıy kote li deklare jenn gason an rele Mikenson Lauror epi se yon move je. Li kontinye pou l di, se yon moun nan kominote Senjan an ki enfòme l e san pran tan, li desann al pran l detan li ap konplimante tèt li pou fason li reyaji vit.
Alète, fanmi lan te antre Okay epi peye yon anplwaye Lakomin 20 mil goud, lendi 20 avril pase a pou te detere kadav la ba yo epi rele jijdepè pou te vin fè konsta a nan youn nan mòg prive ki nan komin lan ki se mòg Shalom.
Pou konsta sa se Majistra Jean Pelerge Gerard akonpaye ak grefye l Paul Max Bolivard ki fè l. Selon paran yo se pou evite tout derapaj sou kadav la.
Daprè deklarasyon fanmi lan ki reponn kesyon Radyo Montagna, se vandredi 18 avril pase a, nan komin Senjan nan Sid, chèf pousuit jiridiksyon Nip ki sou 3 jiridiksyon depatman Sid la te arete viktim lan nan lokalite Balis nan yon plaj ki rele Plongaye epi antre Okay ak li pou fizye l.
Manman jenn gason asasinen an, Franciane Pierre, di l ap tann lajistis di kichòy ak li. Pitit l pa t malad epi li pa nan gang, pa rive konprann pouki se bal komisè Muscadin ak ekip li louvri sou pitit li a epi al antere l kou yon endiljan.
Kadav la te rete pase yon bon tan atè anvan Lameri Okay te debake ak sak nwa l vin ranmase kadav la san prezans yon jijdepè epi al antere l kòm dabitid nan gran simityè Okay.
Kontakte Meri Okay sou dosye sa, prezidan komisyon kominal la di li pa tande koze lajan an. Men li sètifye enstitisyon an te leve yon kadav. Majistra France ajoute, sa pa nan atribisyon Meri yo pou leve moun ki ta mouri ak bal. Se travay lajistis. Men adefo konsta jijdepè yo paske kadav la paka rete nan lari a, sèvis jiridik Meri a ekri Pakè jiridiksyon an pou avèti l epi voye sèvis vwari a al leve kadav yo pou antere yo oubyen depoze yo nan mòg pou paran moun lan. Pouki se pa 2zyèm opsyon an ki te pran nan ka Witchel Laurent?
Sa fè 2zyèm fwa sitwayen yo tande aksyon sa yo nan jiridiksyon Okay la. Men fwa sa ankò ak Kisa yo ka atann ? Eske paran viktim lan pral pran chemen lajistis? Ki lajistis?
Soti mwa oktòb 2024 pou rive samdi 19 avril 2025 pase a, Komisè Jean Ernest Muscadin deja fè bal pou plis pase 20 jenn gason. Li pran yo lwen tankou nan komin: Disis, Tòbèk, Pòsali, Chantal, Kanperen, Kavayon… pou vin egzekite yo nan vil la. Men pami tout ka sa yo, paran plizyè nan moun sasinen yo rive denonse Komisè a ak ekip li k ap fizye inonsan pası pala nan komin Okay la.
Lalwa pa bay okenn otorite lougal pou aji dèyè do l. Touye yon prezime kriminèl ki deja metrize pa bon. Egzekite yo se posiblite pou Lapolis ak Lajistis pa rive jwenn veritab chèf eskadwon lanmò sa yo k ap twomatize sitwayen yo anpil kote nan peyi a. Dapre enfomasyon yo fanmi an ap revsevwa gwo menas apre demach yo tanmen pou denonse zak la epi mande jistis pou viktim nan.
Maks – Enmbèr Marslen
RTM