Komisè Divizyonè Allande Serges Jolicoeur se nouvo Direktè ki pran kòmand tèt Direksyon Sid/ PNH la. Li ranplase komisè Divizyonè Daniel Compère, daprè konsta radyo Montagna, jodi lendi 21 avril 2025 lan.

 Okay, lendi 21 avril 2025

Chanjman nan DDS-PNH la vini 10 jou aprè yon dokiman administratif Komisè Daniel Compère te ekri ki te pran lari.

 

Nan dokiman sa a  ansyen DDS- PNH la te fè eta mankman Lapolis nan Sid  pou kontrekare eskadwon lanmò yo ki ta baze nan zòn kòt peyi a swa komin Tibiwon ak Lèzanglè epi ka komin Kanperen ki sou menas ansyen prizonye pou trafik dwòg Guy Philippe k ap foubi zam li pou ta atake komisarya komin sa. Dokiman otantik sa pou nou repete yon sous nan direksyon polis Sid la, pa t pran tan pou te lage yon laperèz nan Depatman an kote Delege defakto Sid la, Linscold Charles, Majistra defakto Koto a, Fritznel Chéry… yo chak ap pouse pawòl pa yo ki twouble lapè sitwayen yo.

Nou ap raple depi plis pase 2 lane  komin Tibiwon pa gen polisye ki baze nan komisarya sa a. Sitwayen yo lage sou menas nèg ame k ap bat, touye, kidnape pèzib sitwayen.

 

Komisè Compère te ranplase Komisè Jolicoeur 31 mas 2022 . Li te fè 3 mwa kòm Direktè men li te pase 5 lane Direktè Adjwen. Kòm abitye, èske li pral reyisi kote frèdam li a echwe?

 

Pandan kòmandman ansyen chèf PNH la, Daniel Compère, Lapolis anrejistre anpil gwo ka asasinay. 2 ladan yo se ka jounalis / Fonde Pouvwa Garry Tesse, disparèt 18 oktòb 2022 epi 6 jou aprè, 24 oktòb menm ane a, popilasyon an nan lokalite Foto te pral dekouvri kadav jounalis la, defigire. Klamè piblik pa t pran tan pou te asosye non komisè polis la, ansyen jal komisè Gouvènman Okay la, Ronald Richemond nan zak  sasinay sa a epi gen ka dyaspora Gregory Oscard aka Grèg asasinen nan ri Gosen, madi 7 juin 2022 pase kote non yon polisye te site nan egzekite jenn gason an. Malgre te gen yon manda, men zak lach la lave.

https://radiotelemontagna.com/tipa-tipa-ensekirite-a-ap-pran-pye-nan-sid-peyi-a/

Pandan 3 lane sa yo, biznismann, komèsan, demachè tè, sivil asasinen pası pala nan Depatman Sid la, Vil Okay anpatikilye. Dènye zak kriminèl ki pase nan vil Okay se ka Gerson Borgat nèg ame sasinen 2 avril 2025 pase nan ri Gosen bò 2 zè konsa nan aprèmidi. Men okenn arestasyon pa fèt pou rive mete lapat sou lotè yo kou pou rive jwenn lotè entèlektyèl yo.

 

Chanjman sou chanjman se menm diyitè yo k ap wode nan diferan Depatman peyi a men Lapolis la p ap janm yon polis k ap pwoteje epi sèvi nan enterè peyi a kou gwo popilasyon an.

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here