Plis pase 2 mwa aprè, anseyan grevis yo parèt pi detèmine toupatou nan peyi a pou fòse Leta pa lantremiz Minis defakto Edikasyon Nasyonal la pran desizyon pou onore demand sendikalis yo.
Okay, mèkredi 25 mas 2025
Byenbonè ayè maten madi sa a, sete plizyè dizèn anseyan ki bloke fonksyonnman Direksyon Departmantal Sid Ministè Edikasyon Nasyonal la yon lòt fwa nan Bèjo pandan yon bon pati jounen an anba Vijilans Lapolis.
Sou plas, Delege defakto Linscold Charles te prezan pou te vin eseye pale ak grevis yo epi pou di yo direksyon an p ap ret fèmen. Anseyan yo bò kote pa yo te opoze epi yo pa t mache mo pou montre reprezantan Egzekitif la, dosye sa depase l paske se nan negosyasyon platfòm sendikal yo ye lajounen jodi nan pi wo nivo.
Nan mikwo RTM , sendikalıs Justin Laroque di, se yon grèv nasyonal. Premye Minis defakto Alix Didier Fils-Aimé ak Minis Augustin Antoine deja siyen yon pwotokòl dakò ak sendika yo, sa yo pa respekte, Kisa prezans Delege defakto Charles ka fè pou yo lè yo asepte vin chita pale ak li? Yon pozisyon kèk lòt anseyan pa t dakò. Èske se prezans chèf la yo pè oubyen yo ret kwè li ka fè kichòy? Èske se pa manke ki fè yo asepte pou yo ta negosye ak li? Antouka, je nan je, aprè yon ti tan lapolis kou Delege a ki te byen eskòte te kite lespas lakou a.
Mouvman revandikasyon anseyan yo ap pran plizyè fòm nan peyi a. Daprè enfòmasyon yo, anseyan nan Grandans te anpeche minis Augustin Antoine pran lapawòl nan yon vizite li t ap fè nan komin: Chanbelan, Mowon ak sant vil komin Jeremi.
Minis defakto a te vizite 3 lise vil la: « Jeunes Filles, St Luc ak Nord Alexis a. Si nan 2 premye yo pa t gen pwoblèm nan lise Nò Aleksi a, anseyan yo sanble te pare pou te akeyi minis lan nan sans pa yo. Yo brandi pankat, lanse pawòl piman bouk: blofè, mantè, ensousyan … ak yon bann lòt mo wonflan pou kalifye atitid minis Ogisten Antwàn ki pa respekte pwomès li yo. Yo deklare y ap retounen nan sal klas yo lè tout revandikasyon yo satisfè.
6 janvye pou 25 mas, dirijan yo pa souke kò yo menm pou jwenn sou solisyon dirab ak kalite grèv manch long sa. Si gen kèk lise se mòde lage nan kèk lòt grèv la rese pi di. Yon grèv k ap gen gwo repèkisyon pou tityovi kou jenn yo nan lekòl nasyonal ak Lise yo toupatou anndan peyi a.
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)
RTM