Sal odyans prensipal Palè Jistis Okay la plen ak fanatik youn nan branch pati « Fanmi Lavalas »la, fanmi, avoka, kirye pou asiste Kouman yon Delege ak 2 Delege annaprè pou Awondisman Okay ak Pòsali ki prete sèman, vandredi 28 fevriye 2025 pase a.

 

Okay-. Premye mas 2025

Se nan yon anbyans kanaval, bann rara, mayo blan nan men, plizyè dizèn manm, senpatizan pati politi « Lavalas », zanmi, kòlèg avoka akeyi nouvo Delege Sid la, Mèt avoka Linscold Charles, vis Delege Jean – Pierre Reynault Phildor ak Jean Raulaint Boisrond.

Lapolis te sou bwenzeng li paske depi nominasyon Delege defakto Charles nan dat 20 janvye 2025 pase a, lòt branch menm pati sa a kou lòt travayè politik pa t sispann lonje dwèt sou Linscold Charles ki daprè yo enplike nan yon bann dosye louch pa reyisi fè Kòdonatè avi pati politik Lavalas la, Jean Bertrand Aristide ak Marise Narcisse dezinye yon lòt moun nan plas nouvo Delege Charles.

https://radiotelemontagna.com/plizye-avoka-kou-responsab-dwa-moun-nan-depataman-sid-la-egzije-liberasyon-linscold-charles/

Konsèy prezidansyèl 9 manm sa malgre swadizan dezakò pati politik yo, sektè afè a ak relijye a aranje yo pou divize ministè yo, direksyon jenaral yo kou delagasyon yo nan mete akolit pa yo pou regle koze yo oubyen travay nan enterè chapèl politik pa yo.

« Mwen jire pou m respekte lwa peyi a epi pou m konpòte m kòm yon onèt sitwayen », se sèman nouvo Delege defakto a. Èske mèt avoka Linscold Charles pral fè diferans lan?   Kisa l panse ak kontestasyon sa yo?

Nouvo chèf delegasyon Sid la ranplase mèt avoka Ketnor Estinvil ki sot pase plis pase 2 lane nan tèt delegasyon an (29 dawou 2022). Nan diskou Ketnor Estinvil ki te ranplase Serge Chéry te anonse yon pil pwojè kòmsi se te yon eli nan pi wo majistrati peyi a kite sitwayen yo sou swaf yo paske li te fèmen je li yo sou yon seri dosye li te dwe jwe wòl li Kòm kòdonatè tout direksyon yo.

Nouvo Delege a sou tras ansyen Delege lavalas Kòm Anthony Charles, Jacques Matelier, Louis Paul Raphaël… deklare « Rekreyasyon an fini ». Ki rekreyasyon l ap pale? Kisa l konnen ki ap mal pase nan Depatman Sid la ki mande pou l ta frennen? Ki maj pouvwa l? Ki dire manda li a? Nan diskou sa a, mèt avoka militan an pa di Kisa k ap fèt ap pil gwoup ame yo kou èske li p ap sèvi ak bakòp delegasyon an ansyen Delege a te mete kanpe a.

Nan jwe wòl yo, okenn pati politik tradisyonèl makawon pa gen pwoblèm pou yo kwaze ansanm. Yo tout ap pote menm pwojè.  Yo konplote ansanm pou bare veritab pwojè gwo popilasyon an. Pou jwèt la  kanpe,  eske se pa fil jwèt yoyo a ki pou kase pou gwo popilasyon an rale yon souf?

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here