Yon jou aprè ajan ki nan Inite depatmantal pou mete lòd / IDMO yo te fin gaye manifestasyon plizyè lekòl nasyonal nan komin Okay, opinyon piblik la dezavwe atitid bosal sa a ki lakòz timoun moleste kou endispoze ak gaz lakrimojèn.
Okay, vandredi 17 janvye 2025
Yo te plizyè santèn elèv nan lise Jan Klod Mizo, Filip Gèrye, EFACAP Michèl Laza ak Dimasè Estime te pran lari a pou mande Ministè Edikasyon Nasyonal aranje l ak anseyan yo ki kanpe travay nan sal Klas yo depi lendi 6 janvye 2025 pase a.
Yo soti nan lakou lise Filip Gèrye a pase nan lòt lekòl yo pou ale nan Direksyon Depatmantal MENFP a. Men lè yo rive douvan legliz Chapantye a, bakòp UDMO te bare wout la epi lanse gaz lakrimojèn pou gaye foul la ki te chaje ak timoun.
Plizyè anseyan ki reponn kesyon radyo Montagna, rale lèt komite lekòl nasyonal yo te ekri lapolis depi lendi 13 janvye pase a kote yo te bay PNH la pakou yo.
Mande yo pouki timoun yo pa t akonpaye ak paran kou anseyan yo, mèt lekòl la te kontante l pou l di nou li pa t wè nesesite a paske se elèv yo k ap fè revandikasyon yo pase.
Kontakte yon sous nan lapolis la, ta sanble se lè a ki te rive. Paske nan lèt la komite a te di se 8tè nan maten pou midi. Kòm li te deja midi, ajan lòd yo te mande yo kanpe la. Ta sanble , jèn ekolye yo te koumanse kouri, rale debri mete nan lari a ki te oblije lapolis gaye yo ak kout bonbòn gaz.
Depi koumansman lane eskolè a, sendika yo te voye plizyè avètisman bay ministè Edikasyon Nasyonal sou grèv sa. Men minis defakto Edikasyon Nasyonal la, pwofesè Antoine Augustin ak rès gouvènman defakto a, bouche zòrèy yo, kite sitiyasyon an ap mangonmen nan tout peyi a ak manifestasyon elèv yo kou anseyan yo.
Pou jounen jedi 16 janvye a, sal klas yo nan diferan lise depatman Sid la te vid. Nou te ka konte pa plis pase yon dizèn liseyen nou te wè nan lise Jan Klod Mizo ak Filip Gèrye Okay. Nan lekòl Nasyonal premye, dezyèm ak twazyèm sik yo menm, timoun yo te gaye nan lakou a kou yo ap fè lago nan sal klas yo. Nan lekòl sa yo, nou te konstate kèk pwofesè sou plas ap obsève grèv endetèmine sa a.
Depi 16 janvye 2025 pase a rive pou mwa avril 2025 k ap rive la, kabinè Minis defakto Edikasyon Nasyonal la pwopoze yon kalandriye diskisyon ak diferan sendika yo sou revandikasyon , ranfose kolaborasyon ant diferan aktè nan sistèm lan pou poze baz sistèm edikatif pi global ak pi pefoman.
Se pa premye fwa aktè yo nan sistèm edikatif la pran wout legal sa a pou mande kat pa yo, yon salè rezonab, peye aryere salè, nome anseyan ak lòt avantaj sosyal. Men tèlman gen disparite nan sistèm edikatif plizyè vitès la, yon grapday ak fo pwomès sifi pou kase elan revandikasyon lejitim yo.
Max – Imbert Marslen ( Maks – Enmbèr Marslen)
RTM