Sou envitasyon kèk òganizasyon nan depatman Sid la, plizyè dizèn militan mache soti plas dam Okay pou rive Kwa Mati pou komemore aksyon kriminèl lame etazinyen an te fè 6 desanm 1929.

Okay, Vandredi 6 desanm 2024

 

Ak yon bandwòl nou te ka li: « 6 desanm 1929, yo masakre peyizan yo, 6 desanm 2024 yo mare konplo pou kraze peyi nou,Mas Pèp la annavan pou libere peyi nou ». Yon bann rara pou animasyon, manm Òganizasyon popilè yo chante, rele aba Kò gwoup, aba enperyalis, aba kapitalis, aba grandon, aba vòlè tè, viv lit pèp la, viv lit Peyizan yo tribò babò nan peyi a epi tè yo dwe ret nan men peyizan yo.

Rive nan lye masak la, Kwa Machatè antre lwès vil la, manm Òganizasyon MOPSATES, TK ak MIPAK yo te mete kèk jwif kouche ak mak san sou kò yo pou senbolize viktim zak kriminèl sòlda okipan yo sou Tipeyizan yo ki t ap revandike dwa yo nan mande rejim Lwi Bòno a retire pil taks yo te mete sou gildiv yo.

95 lane aprè, Tipeyizan Ayisyen yo pa sispann kouri anba ajisman sagoloray yo ki boule kay, moun, asasinen kou jete yo nan prizon lè yo pa depeyize yo.

 

Mòd Leta reyaksyonè sa a mete ak boujwa yo pote tout kalite pwojè bidon ki vize flanke Peyizan yo deyò sou tè ki ka bay manje pou enplante tout kalite zòn franch pou kase pwodiksyon lokal peyi a.

Nou ap raple nou pou te make 59 lane zak kriminèl sa a, MIPAK ak Tèt Kole Tipeyizan Ayisyen te mete kanpe yon estatl nan lespas la pou raple moman nwa sa. Men militè san manman nan epòk sa a te kraze l nan dat 29 septanm 1989 kèk mwa aprè.

Sa gen yon lane depi komisyon kominal ki gen nan tèt li Claire Daphné France te fè kwè gen pwojè pou remete yon  estati nan espas la men okenn aksyon pa fèt pou make tranch listwa a.

Pou jan sitiyasyon sa a ap anvayi 4 kwen peyi a, si mas Pèp la pa marande kò yo, peyizan ap disparèt.

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here