Arete ak manda pou vwadfè sou yon ajan UDMO nan Pakè jiridiksyon Okay la, komisè anchèf pou yon ti bout tan, Jean Joubert Amazan libere delenkan an paske prizon sivil Okay la gen twòp moun ladan l.

Okay, mèdredi 18 septanm 2024

Komisè Jean Joubert Amazan ki t ap reponn kesyon radyo Montagna nan telefòn eksplike, aprè evalyasyon fè yo ak avoka 2 pati yo, pa rapòt ak sètifikal medikal la kote medsen an di kou a pa te grav epi menm konje viktim lan pa t pran nan pou enkapasite pou l te travay, deside lave Jackson Dena pou zak louch li a. Si Sibtiti Komisè Pierre Maykel Georges te lage l pou kesyon imanitè nan dat 30 jiyè 2024 pase a, komisè Amazan li menm lave l paske prizon an gen twòp moun. Yon eskandal !

Daprè yon sous nan Direksyon Depatman Sid PNH la, polisye yo dezavwe liberasyon Jackson Dena. Pou youn, atake yon polisye ak inifòm li se deja yon gwo zak. Men rive frape l nan vizaj la douvan je tout moun se souflete enstitisyon li pote rechany pi grav ankò. « Èske se fizye pou Jackson Dena te fizye frèzam nou an pou l te viktim nan je komisè Amazan? Epi si yon moun ta ba komisè a yon souflèt, Kouman li t ap reyaji? Liberasyon sa se yon fason komisè a di nou pa arete ni pousiuv okenn bandi nan Jiridiksyon Okay la jiskaske prizon an degòje ».

Ayè madi 17 septanm 2024 la, nan monte mòn Briye yon patwouy lapolis ki te al debare mòn lan kèk moun te bloke, sibi atak kèk patizan Jackson Dena ki kalonnen yo ak kout wòch kou tire bal. Lapolis te riposte kote gen yon mò, youn ki te ame, Lamy Olandère blese kouche sou kabann lopital sou kontwòl Lapolis epi Josué Déna arete ap reflechi dèyè 4 miray nan Komisarya Okay la.

Kòm chèf pousuit, komisè a se plis aksyon politik li vin regle olye se jistis li ap simaye ak viktim yo. Daprè mèt avoka sa ki reponn kesyon nou, rale tout manda ki te dèyè yon bann moun komisè a rantre yo.

N ap raple se nan mwa jen 2024 pase a, chaje misyon nan delegasyon Sid la Jackson Dena te agrese, bat epi blese Pierre Milord Jean nan mòn Briye.  Nan dat 7 jiyè 2024 pase a, wonflè sa te kase tèt sitwayen Jean Gardy Percy andedan lekòl Senfranswadsal nan pawas Kafou Jout. Nan dat 30 jiyè 2024 pase a, anvan delenkan Dena te al wonfle polisye a, li te atake redaktè sal nouvèl RTM lan nan Pakè a kote l kraze vit telefòn li detan  jounalis la t ap kouvri yon envitasyon Pakè te voye bay plizyè sitwayen ki te akize Jackson Dena  nan bat moun kou eseye akize lòt kòmkwa yo se gang.

http://radiotelemontagna.com/jackson-dena-libere-epi-ta-dwe-retounen-devan-pake-a-jedi-premye-out-2024-la-dapre-yon-sous-nan-pake-a/

Yon lòt kote Lapolis ak lajistis nan komin Wanament arete 9 sispèk nan asaninay Sekretè lòd avoka Fòlibitè yo, mèt avoka Artiste Remy ak plizyè bal douvan baryè lakay li. Anvan zak lach sa a, viktim lan te denonse kèk moun li di ki te dèyè asasinen l.

Pwoteje kriminèl se bay enpinite a jarèt nan moman eskadwon lanmò yo ap gaye kò yo toupatou nan peyi a.

 

Maks – Enmbèr Marslen

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here